Categories: AN KREYÒL SPORTS

Chòk Liverpool ak Chelsea a fini (0-0)

Share

Pou 21nyèm jounen Premier League la, Liverpool ak Chelsea soti dozado (0-0), yon rezilta ki parèt entresan pou 2 ekip yo malgre kèk move pèfòmans. Sezon sa Reds yo ak Blues yo ap mòde lage nan chanpyona, sa ki mete gwo entèwogasyon sou Jürgen Klopp ak Graham Potter.   

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Rankont Liverpool ak Chelsea a fini (0-0), Reds yo te ka genyen aprè VAR, ta pral retire gòl Kai Havertz la. Rezilta nil sa bay Liverpool 8tyèm plas la  pou yon ti tan. Epi Chelsea, li menm nan 10zyèm plas klasman an. Sa ki mete 2 ekip yo lwen Big Five la.  

Chelsea pat montre anpil angajman nan match la, ni rive kreye anpil okazyon pou l te genyen rankont lan. 2 ekip yo tap ranka kò yo pou yo pa pran gòl, sa ki te rive fèt paske match la fini 0-0, yon match ki montre nivo 2 ekip yo nan nan mitan tablo klasman pou sezon sa.  

Rankont sa se te posibilte pou Graham Potter bay nouvo jwè li ya: Mykhailo Mudryk yo a kèk minit. Jèn pepit ikrenyen an ki koute Chelsea 100 milyon ero pat rive fè  gwo  kichòy.  

Pou 22zyèm jounen Premier League la, Liverpool ap gen pou l token konn li kay Wolves yo epi Chelsea ap gen pou l jwe fas Fulham. 

 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by