Gouvènman Federasyon Larisi a ofri 25 bous etid ak etidyan Ayisyen yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
gouvènman federasyon larisi a ofri 25 bous etid ak etidyan ayisyen yo 

Aprè yon nòt Ministè Afè Etranjè pibliye ayè vandredi 20 janvye 2023 a, Gouvènman Federasyon Larisi a ofri 25 bous etid bay diplome ayisyen ki vle kontinye etid yo aletranje. 

Menmjan anpil Ayisyen fiskse zye yo sou pwogram imanitè Biden nan, se konsa anpil peyi lanse kèk pwogram bous detid pou kèk jèn ki vle kontinye ak etid yo. Vrèman vre, li ekri nan avi a.  » Tout gradye nan lekòl segondè ki vle aplike pou etidye nan peyi Larisi pou ane akademik 2023/2024 a, dwe ranpli kondisyon sa yo… » 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo site :  Pou Etid segondè yo, aplikan an dwe genyen yon minimòm 7.50 kòm mwayenn nan BAC1 oubyen BAC2 li, li dwe gen nasyonalite ayisyen, epi gen yon paspò ki valab; yon ekstrè achiv, diplòm gradyasyon yo ak relve nòt li byen legalize (devan kou dèyè); aplikan an dwe gen yon sètifika medikal ki soti nan yon enstitisyon ki rekonèt pa Ministè Lasante ayisyen an, yo mande pou aplikan an bay 12 foto idantite ki pa fèt twò lontan, yo fè konnen tou benefisyè a ta dwe kapab peye depans transpò yo ak preparasyon dokiman an. 

Sa w dwe konnen, pwogram bousdetid la pa konplè jan tout moun ta kapab panse l la, tout kòb tankou pou vwayaj, viza, pwosesis dosye, transmisyon dokiman ak sètifikasyon diplòm nan Anbasad Ris la nan Caracas,(Venezyela), se benefisyè a k ap peye yo. Sa vle di, depans yo se responsabilite aplikan yo, toujou daprè presizyon nòt la. 

Nou te remake tou, se Ministè Afè Etranjè nan peyi Dayiti a, ki chita kò l nan 5A, Dèlma 60, Musseau ki chaje pou resevwa dosye aplikasyon endividyèl yo jiska 3 fevriye 2023, dènye lè a se 3:00 pm.  Pou plis enfòmasyon, moun ki enterese yo ka rele nan +(509)28 16 7021 oswa ekri nan adrès sa a: [email protected]. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.