NETALKOLE

Zak sou moto yo ap miltipliye Fermathe, popilasyon an mande lapolis sekou 

Depi plizyè mwa moun ki abite nan zòn Fermathe, nan komin Kenskòf, ap viv nan laperèz an rezon ensekirite a ki vle tabli kò l nan zòn sila. Ayè mèkredi 25 janvye 2023 a, bandi ak zam ki sou moto pase epi krible ak bal 2 jenn gason ki te kanpe bò lari a. 

« Ayè mèkredi a bò zòn 5è nan aprèmidi, nèg sou moto pase epi louvri kout zam sou 2 jenn gason tou pre estasyon kote ti bis yo chaje a », se sa yon sitwayen nan zòn nan rapòte bann. Li fè konnen tout bò 7è nan aswè kadav 2 viktim yo t ap benyen nan san yo. 

Temwen an revele sa gen kèk tan depi moun nan komin Kenskòf, patikilyèman zòn Fermathe, ap viv nan kè sote an rezon plizyè ka fiziyad yo resanse menm jan. Semèn pase a 3 moun mouri aprè nèg ak zam sou moto te pase epi tire sou yo. 

« Menm jan te gen yon rimè ki te kouri vandredi pase a kòmkwa nèg ap zam ap vin anvayi mache fèmat, sa w tande a depi bò 9è tout lekòl lage, paran ap kouri tankou chyen fou al dèyè pitit yo », se deklarasyon yon lòt sitwayen nan menm lokalite a, ki mande otorite konsène yo pran ka yo a an konsiderasyon bonè avan pita pi tris. 

« Pa vrèman gen prezans polis nan lari a, se yon fwa konsa ou ka wè yon “back-up” pase li fon ti kanpe nan estasyon Fèmat la pou entimide chofè moto ak ti bis yo, aprè “back-up” sa ale […] sa vin lakòz nenpòt endividi mal entansyone ka komèt nenpòt aksyon », li detaye.  

N ap raple aprè plizyè lane ensekirite a te chita kò l nan kè Pòtoprens, jounen jodi a li pa gen fwontyè. Nan plizyè zòn nan kèk komin tankou Delma, Petyonvil ak Kenskòf, bandi ak gwo zam fann fwa ap opere lannwit kou lajounen. Genyen plizyè ka kidnapin ak omisid ki anrejistre la yo pou nouvèl ane a. 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 075