Categories: AN KREYÒL SPORTS

Novak Djokovic fas Stefanos Tsitsipas se afich final  Open Australie a

Share

Pou edisyon Open Australie 2023 a, Novak Djokovic ak Stefanos Tsitsipas pral batay dimanch k ap vini an pou tit Grand Chelem lan nan vil Melbourne.  Jodi vandredi a, Sèb la elimine Tommy Paul nan 3 sets (7-5, 6-1, 6-2).  Tsitsipas li menm genyen Karen Khachanov nan 4 manch (7-6 (7/2), 6-4, 6-7(6/8), 6-3).  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Djokovic ak Tsitsipas se afich final Open Australie 2023 a, se remake final Roland Garros 2021 an. Dijokovic pral fè 10zyèm final li nan Melbourne epi chache rive nan rekò Rafael Nadal la, ki se 22 Grand Chelem. Gayan final Open Australie a ap tou vin N° 1 mondial.  

Djokovic ak tout blese li nan kwis, te pase advésè li yo anba woulo konpresè li a. Tsitsipas li menm pa vrèman enpresyonan men fas Sinner nan kadefinal, li te montre li kapab epi fòs mantal li te prezan, ki kapab yon plis pou li nan final sa a. 

Dimanch 29 janvye, sèb la ak grèk la ap bab pou bab pou final Open Australie a, posibilite pou Djokovic ki gen 35 lane kapab pran 22zyèm Grand Chelem li epi jwenn Rafael Nadal ki se recordman nan. Se yon posibilite pou Grèk la pran premye Grand Chelem a 24 an. 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Novak Djokovic Open Australie Stefanos Tsitsipas Tennis