Categories: AN KREYÒL INSECURITE

ORDEDH: omwen 64 moun mouri anba bal nan peyi a soti 1ye pou rive 31 janvye

Share

Lòd Defansè Dwa Moun yo (ORDEDH) te revele nan yon rapò 11 paj pibliye ayè jedi 2 fevriye 2023 a, omwen 64 moun ki gen ladan 18 ofisye lapolis tonbe anba bal soti 3 pou rive 31  janvye 2023 a an Ayiti. Yon gwo ogmatasyon konpare ak 2022 kote  kantite viktim yo te 52 an janvye.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan rapò a , òganizasyon k ap defann dwa moun nan fè konnen depi Premye Minis Ariel Henry pran tèt pouvwa aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse la, peyi a fè pati peyi ki gen pi gwo pousantaj krim ak vyolans nan mond lan. 

“Nan popilasyon an, se jèn yo ki soufri plis, kit se kòm viktim oswa kòm otè krim”, deplore ORDEDH, ki kontinye pou l di, “pou premye fwa nan plizyè deseni, an Ayiti, krim te ranplase chomaj kòm youn nan pi gwo enkyetid popilasyon an.  Lajistis, komisè gouvènman yo, fòs sekirite yo ak sistèm prizon an pa devlope kapasite ki nesesè yo pou yo reponn yon fason efikas atravè aksyon legal, prevansyon ak represyon krim ak vyolans.”

Yon lòt bò, ORDEDH di jodi a, fondasyon gouvènman ayisyen an chita sou gang ak zam epi ak ranfòsman gang sa yo nan lide pou yo kenbe pouvwa a. Daprè òganizasyon an Soti 3 pou rive 31 janvye 2023, Plis pase 64 moun ki gen ladan 18 ajan PNH yo te asasinen nan peyi a.

Se sak fè, ORDEDH mande pou leta atravè enstitisyon sekirite li yo (PNH) vin pi prezan nan lari zòn metwopolitèn nan, enkli nan gwo vil peyi a.  Epi pou prezans PNH la santi nan pwen fiks yo, ak nan zòn fwontyè yo.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: Haiti Nombre de décès ORDEDH