Categories: SPORTS

Paris Saint-Germain dwe rebondi fas ak yon Bayern ki swaf genyen

Share

Aprè Paris Saint-Germain fin pèdi 2 match avan match ki pi enpotan pou sezon an. Jodi madi a ekip Galtier ap fas ekip Bayern nan ak tout pwoblèm nan vestyè li, ak anpil dout sou meyè eleman li yo. Menm jan ak PSG, ekip “Neglesman” nan gen gwo enterè tou pou rankont chòk 8tyèm final la nan ale Champions League la.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Se moman pou tou 2 ekip yo pran men yo epi konfime fòm yo. Yon Paris Saint-Germain malad ap resevwa nan Parc des Princes lan yon ekip Bayern ki swaf genyen epi montre enterè li tou pou Champions League la sezon sa a.

Ekip Bayern nan k ap rive anfòm nan match la, yo rete sou 3 viktwa youn dèyè lòt nan Bundesliga aprè yo epi fin bat Bochum (3-0), Wolfsburg (4-2), Mainz 05 (4-0). Bavarois yo ap rive nan rankont fas PSG a san Sadio Mané men ak yon bon fòs mantal.

Yon lòt bò, ekip Paris Saint-Germain an nan yon kriz tèt chanje, epi gen bon eleman ki pa ak 100%. Epi 3 dènyè match yo se yon viktwa pou 2 defèt. Ekip Monaco te maltrete yo 3-1 nan Ligue 1an epi nan “Coupe de France” lan Marseille te elimine yo 2-1. PSG ki pa gen dwa pou l fè erè ditou jodi a. Se moman pou Messi ak Neymar pran respnsabilite yo.

Rankont PSG- Bayern nan se yon match ki desizif anpil pou 2 fòmasyon yo, ki pa gen dwa fè erè. Lòt 8tyèm final la, pou jodi madi a ap mete bab pou bab ekip Milan Ac fas Tottenham Hotspur.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by