Categories: SPORTS

Barcelone ap taye banda nan tèt klasman Liga

Share

FC Barcelone reprann 8 pwen sou rival li nan Liga aprè li fin bat ekip Cadiz la 2-0 nan Camp Nou an, jodi dimanch lan,  gras ak Sergi Roberto epi Robert Lewandoski, ki pat fè gòl depi kèk tan pou Catalan yo. Ekip Xavi a pare pou l afwonte ekip Manchester United la, ki genyen Leiscester 3-0 nan premier League la.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Lewandowski reveye l fas ak Cadiz nan 22zyèm jounen Liga, epi pèmèt Blaugrana yo genyen. Yon viktwa ki bay Catalan yo 8 pwen sou Real Madrid ki te genyen ekip Elche a 4-0. Solid ,lidè chanpyona, Barcelone ap swiv objektif li pou sezon sa, ki se ranpòte tit la sezon sa.

 

Barcelone genyen ak fasilite nan Camp Nou an, yon 7tyèm siksè youn dèyè lòt pou ekip Xavi a. Nan 43zyèm minit Sergi Roberto te fè premye gòl la epi star Polonè a, ta pral fè 15zyèm gòl li pou sezon an nan Liga.

 

Aprè Barcelone te fin rache yon nil nan baraj Ligue Europa fas ekip Manchester United (2-2) nan Camp nou a, Jwè Xavi yo gen pou devwa al chache kalifikasyon yo nan Old Trafford la fas Reds Devils yo, jedi kap vini la.

 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by