Categories: SPORTS

Joan Laporta repon Javier Tebas sou dosye Negreira

Share

Jodi madi a prezidan Barcelone nan Joan Laporta reponn prezidan Liga Javier Tebas, ki te fè konnen si Laporta  paka bay plis esplikasyon sou dosye Negreira (ansyen vis prezidan komisyon kap jere abit yo nan peyi Espay), li dwe demisyone. Laporta pat mete dlo nan bouch li pou reponn Javier Tebas.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Dosye ki fè konnen Barcelone te bay yon gwo sòm lajan ak ansyen vis prezidan komisyon kap jere abit yo nan peyi Espay, kreye yon koken chenn polemik ant prezidan Liga ak prezidan Barcelone nan. Aprè deklarasyon Javier Tebas, yè lendi a, Joan Laporta soti nan silans li, pou l bay yon repons piman boug ak prezidan Liga.

 

“Tebas ap monte yon kanpay kont Barcelone ak tout mwen menn. Li montre tout bon kijan l pa vle wè klèb la. M ap raple nou, Tebas se yon moun ki nan pase l, ki te toujou montre l rayi ekip Barcelone nan.”

 

Prezidan Bareclone te kontinye pou l di :

” M pap rann mesye Tebas sèvis sa, pou ta demisyone nan tèt ekip Barcelone nan. Paske desizyon sa se sèl sosyos ki ka pran l. Tout moun ki ap esaye sal imaj ak istwa ekip Barcelone nan, y’ ap jwenn ak zo grann

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Barcelone sports