Categories: AN KREYÒL

Yon tranblemanntè mayitid 4,8 frape rejyon metwopolitèn lan

Share

Tè a te tranble nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan ak zòn ki anviwonnen l yo nan sware madi 21 fevriye an vè 10è 56 nan aswè avèk yon nouvo tranblemanntè mayitid 4,8.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè rejyon Nò peyi an ki te touche semèn ki sot pase an, Ayiti anrejistre yon nouvo frap sismik mayitid 4,8 ayè madi an kote episant lan fwa sa te plis nan Sid peyi an.

Tranblemanntè sa ki touche prensipalman rejyon metwopolitèn lan nan sware 21 fevriye an pwovoke panik lakay popilasyon nan zòn ki te touche yo. Toutfwa, daprè pwoteksyon sivil, pa gen dega ki anrejistre.

N ap raple, pandan kòmansman mwa fevriye an, peyi Latiki ak Lasiri te konnen yon gwo tranblemanntè ki lakoz plis pase 41,000 moun pèdi lavi yo.

Aprè tranblemanntè mwa dawout 2021 ki te ravaje gran Sid peyi an, Ayiti toujou sou menas sismik kote tanzantan gen nouvo sekous menmsi yo pa gen twò gran mayitid.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by