Categories: SPORTS

Kilè Guardiola ap bay Manchester City Champions League la ?

Share

Depi plizyè sezon Pep Guardiola ap chache yon Champions League ak Manchester City, ki poko pran tit sa yon fwa. Depi 2016, ansyen antrenè Barcelone lan elimine plizyè fwa nan : 8tyèm final, kadefinale, demi final epi pèdi yon final an 2021 fas ekip Chelsea a. Guardiola ki pran tout lòt tit yo ak Citizen yo poko ka bay Skyblues yo Koup gwo zorèy la.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè plizyè echèk nan Champions League la, Manchester City poko ka rive pran tit sa, yon tit ki enpòtan anpil pou Citizen yo ak tout Guardiola. Depi lè antrenè espanyòl la rive nan tèt ekip la, City fè 3 echèk nan kadefinal, youn kont Liverpool, Tottenham ak Olympique Lyonnais.

Nan konpetisyon ewopeyen sa, Citizen yo te menm rive pèdi yon final fas ekip Chelsea a an 2021 epi sezon pase Real Madrid te elimine yo nan demi final aprè yon match fou.

Ak Pep Guardiola Manchester City pran 4 Premier League, yon FA Cup, 4 Carabao Cup epi 2 Community Shield. Se sèl tit Champions League la ki manke nan palmarès Guardiola ak Citizens yo. Ansyen antrenè Bayern Munich lan, menm fè konnen si l pa rive pran tit sa ak Skyblues yo, pasaj li nan tèt klèb anglè a ap enkonplè.

Jodi mèkredi 22 fevriye 2023 a, fas RB Leipzig, City ap jwe san Kevin De Bruyne, Jonh Stones ak Aymeric Laporte. Manchester City pa gen dwa fè fo pa pou 8tyèm final ale sa nan Champions League la sezon sa.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Manchester City sports