Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Omwen 3 jenn gason mouri nan yon fiziyad Site Okay

Share

Ayè mèkredi swa 22 fevriye a, plizyè jenn gason jwenn lanmò yo nan yon fiziyad zòn Site Okay, nan Delma 31. Nèg ak zam yo pa rive idantifye louvri kout zam sou yo sanzatann nan moman yo t ap detann yo deyò sou lari.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ensekirite a pa sispann lonje lis viktim li yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ak zòn ki anviwonnen l yo. Omwen 3 nonm tonbe anba bal bandi nan Site Okay ayè 22 fevriye a, bò 8è pral nan 9è di swa, se sa nou aprann pa bò kote plizyè rezidan kote dram nan rive a.

Plizyè temwen sèn nan rapòte yon machin pase epi tire sou plizyè moun ki te chita ap bwè bweson devan yon “Club” bò 8è diswa. 3 moun mouri sou plas aprè yo te fin resevwa plizyè katouch anba men kriminèl yo, san konte genyen lòt ki sòti blese epi k al pran swen lopital.

Pa reyèlman genyen detay ki bay jiskaprezan sou zak sila ki vin simaye dèy nan mitan popilasyon an, men sa ki sèten otè yo rive sove san difikilte nan moman tout moun t ap kouri rantre lakay yo. Kèk tan aprè lapolis t ap pral pran kontwòl zòn nan, men an ven.

N ap raple, sòti fen lane 2022 a pou al bout 2023 plizyè ka fiziyad resanse nan kapital la, patikilyèman nan kèk zòn tankou Karade nan komin Taba, Delma, Pòtoprens ak Kafou, elatriye. Plizyè dizèn moun, pami yo chofè moto ak polisye, sòti viktim pandan atak sila yo, e jouk jounen jodi a Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pa janm rive mete lapat sou kriminèl ki konsène yo.

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Delmas Insecurite