Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Ayisyen yo peye ant 4500 ak 8000 peso pou antre Repiblik Dominikèn ilegalman

Share

Divès gwo revelasyon pran lari aprè fòs lòd yo an Repiblik Dominikèn te fin demantle yon rezo trafik imigran ayisyen sou teritwa yo a. Nan yon kominike lapolis nasyonal peyi a revele, konsène yo ki enplike plizyè militè dominiken, te konn fè rèsotisan ayisyen antre an Repiblik Dominikèn pou lajan.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè ouvèti ankèt yo, otorite polisyè yo fè konnen òganizasyon kriminèl sila ki t ap opere nan zòn Monte Cristi ak Dajabon konn mande 4500 pou rive 8000 peso ak tout Ayisyen ki dezire antre an Repiblik dominikèn ilegalman.

Fòs lòd yo deja mennen 16 operasyon kont gwoup sa nan 2 zòn sila yo. Rapò ankèt yo endike rezo kriminèl la mennen mouvman li yo pa vwa terès, atravè fwontyè peyi d Ayiti ak Repiblik dominikèn, zòn Monte cristi, pi presizeman nan zòn Río Masacre-Copey.

Entèvansyon sila yo mennen an kowòdinasyon ak Pakè ki espesyalize nan trafik migran ak trete moun yo, Kò ki espesyalize nan sekirize fwontyè terès yo (CESFRONT), anketè Divizyon espesyal pou krim transnasyonal yo (DEIDET).

15 moun jwenn arestasyon yo, pami yo plizyè sòlda ak sivil dominiken, epi yo rive jwenn ak pale ak 25 Ayisyen, pami yo 4 timoun.

Eleman prèv ki lye ak ankèt la pèmèt responsab konsène yo mete lapat sou 23 moto ; 2 machin pami yo yon Jeep ; 27 telefòn pòtab ; 3 òdinatè pòtab ; 27 konprime ; 2 zam ; 3 zam blanch ; 3 chajè ; 102 800 peso ; 2 618 dola meriken ; 3 550 goud, 6 kaye, 8 akdenesans ayisyen ; 10 kat idantite, pou n site sa yo sèlman.

Lame Dominiken an gen pou misyon defann zòn fwontyè a kont moun san papye ak ilegal k ap antre. Aprè yo te mete plizyè liy telefòn sou ekout, anketè yo rive jwenn genyen sòlda ki fikse pri chak grenn Ayisyen ki vle travese an Repiblik dominikèn, epi yo bay yo kijan siveyans lan ye sou fwontyè a pou yo ka antre pi fasilman.

Nan pratik movèz fwa sila 5 sòlda dominiken anba kòd. Yo te chaje 300 peso pou chak grenn Ayisyen ki te vle jwenn aksè pou foule sòl dominiken an, e yo menm te enfòme dirijan ki sou tèt yo a jan sitiyasyon siveyans lan ye sou pwen fwontalye

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Haitiens immigration République Dominicaine