Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Pwogram Biden : prèske 2 mwa otorite yo poko janm rive a 30 000 migran

Share

5 janvye 2023 a, Prezidan ameriken an, Joe Biden, te anonse yon pwogram Imanitè ki pral pèmèt imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman nan peyi Etazini. Prezidan an te fè konnen chak mwa gouvènman ameriken an ap bay 30,000 migran ki soti nan 4 peyi sa yo otorizasyon pou yo antre Etazini, sepandan prèske 2 mwa otorite yo poko janm rive a 30 000 migran.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Vrèman vre, Prezidan Joe Biden te mete sou pye pwogram Imanitè pwovizwa CHNV134 la nan kòmansman mwa janvye a, kote li te fè konnen peyi Etazini pral bay otorizasyon a 30 000 migran ki soti nan 4 peyi nou site anwo yo, imigran sa yo ap sèlman bezwen yon esponsò ki ap viv nan peyi Tonton Sam nan ki ap dakò esponsorize l. Men sepandan, pwogram nan prèske gen 2 mwa sou pye otorite ameriken yo poko janm rive 30 000 migran yo te anonse y ap pran chak mwa a.

Daprè Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an, depi lansmam pwogram nan, nan dat 5 janvye 2023 a, gen plis pase 26,000 benefisyè ki deja jwenn otorizasyon vwayaj pou antre Etazini, otorite ameriken yo fè konnem benefisyè sa yo soti nan peyi : Ayiti, Nikaragwa, ak Kiba.

Daprè Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an, benefisyè sa yo ki antre nan pwogram nan sibi gwo kontwòl.

N ap raple, chak jou k ap pase anpil Ayisyen ap pran Avyon pou direksyon peyi Lèzetazini, ladan yo nou jwenn tout kouch nan sosyete Ayisyen an tankou: timoun, granmoun, pwofesyonèl lasante, manm gouvènman, enfliyansè, chantè elatriye.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: ayiti pwogram Imanitè USA