Categories: AN KREYÒL SPORTS

Messi kapab al jwe nan Newell’s Old Boys

Share

Nan yon interview Sergio Agüero bay “UOL”, ansyen jwè Manchester City a fè konnen Messi pap retounen nan Barcelone, ni al jwe nan chanpyona Etazini an. Messi k ap tann match fas Bayern Munich la nan Champions League la 8 mas pou l konn si l ap pwolonje ak ekip PSG a.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Kontra Messi k ap fini fen mwa jen k ap vini la ak PSG, Chanpyon  Mondyal 2022 a poko deside si l ap rete nan ekip la ou byen l ap kraze yon kite sa ak klèb parizyen an. Match fas ekip Bayern lan pou 8tyèm final retou Champions League la ap pèmèt Pulga a pran yon desizyon pou avni l.  

Sergio Aguero ki se zanmi Messi fè konnen nan yon interview li te bay “UOL”, bitè Manchetser City a bay yon ide nan ki klèb lejand Ajanten an ka depoze valiz li sezon kap vini. ” Messi kapab vin jwe nan Newell’s, se yon gwo posibilite” 

Newell’s Old Boys se yon klèb nan peyi Ajantin ki trouve l nan vil natal Messi, yon klèb Pulga te konn jwe lè l te piti avan li te rejwen FC Barcelone.  

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by