Derrick Etienne Sr reyaji epi pote soutyen l ak Danie fas ak kritik l ap resevwa yo 

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
derrick etienne sr reyaji epi pote soutyen l ak danie fas ak kritik l ap resevwa yo  (1)

Danielle Etienne ki te pami 23 jwez antrenè seleksyon ayisyèn lan te konvoke pou baraj entèkontinantal yo, fè fas ak yon lapli kritik sou rezo sosyal yo aprè l te fin prezante, touswit aprè kalifikasyon seleksyon an, premye pitit gason li, Ezekiel James Etienne-Armstrong. 

Nan yon lèt tou louvri ki adrese prensipalman ak Danie epi moun sa yo k ap lanse tout kalite pawòl piman bouk sou li yo akoz prezans li nan dènye rasanbleman seleksyon an, Derrick Etienne Sr eksprime piblikman soutyen l ak Danie ki sòti nan yon peryòd gwosès epi al reprezante Ayiti nan baraj entèkontinantal yo de mwa aprè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Derrick Etienne Sr, nan non tout fanmi an, montre piblikman soutyen yo ak Danie ki, daprè sa k ekri nan lèt sa, te konnen yon ane 2022 avèk gwo tchalenj kote nan mwa desanm ki sot pase an li bay ak nesans ak premye pitit gason li Ezekiel James Etienne-Armstrong. 

Danielle Etienne ki pa t ka la nan dènye konpetisyon Concacaf yo ki te fèt nan Meksik la akoz gwosès la, te viv patisipasyon seleksyon an avèk anpil emosyon kote, daprè Derrick Etienne Sr, Danie te gen kè brize aprè defèt seleksyon an fas Etazini nan premye match li an epi devan Jamayik. 

Danie ki gen 23 lane, pral gen posiblite pou reyalize, nan mwa jiyè k ap vini la, youn nan pi gwo rèv li te genyen depi lè l te timoun kote papa l, Derrick Etienne, nan lèt tou louvri sa, rakonte premye pa pitit fi li an nan kesyon foutbòl. 

Danielle Etienne ki reprezante Ayiti nan tout kategori seleksyon yo sòti nan U-17 rive jiska gwo ekip lan, kontinye ap fè liswta kote l te deja patisipe ak seleksyon ayisyèn lan nan mondyal U-20 feminen ki te fèt nan lane 2018 lan. 

Kontrèman ak sa k ap di sou rezo sosyal yo kòm vye pawòl, Derrick Etienne Sr fè konnen nesans Ezekiel lan dwe bay Danie plis motivasyon toujou pou pwochen etap yo pandan l tou pwofite pou eksprime enpasyans yo menm ki nan fanmi an pou wè l nan mondyal fanm yo k ap fèt nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann nan mwa jiyè k ap vini la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.