Categories: AN KREYÒL SPORTS

Messi fè 700tyèm gòl nan karyè li fas ekip Marseille la

Share

Nan match chòk 23 joLigue 1 an, Messi rive enskri 700tyèm gòl li nan zafè klèb fas ekip Marseille la. Pulga enskri 17tyèm gòl li pou tout konpetisyon melanje pou sezon sa. Lejand Ajanten an tou prè gran rival li C. Ronaldo ki gen 709 gòl.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Lionel Messi rive make 700tyèm gòl nan karyè li nan sa ki gen pou wè ak klèb. Yè dimanch lan, star Ajanten an kontribye nan viktwa ekip PSG a fas Marseille (3-0), Mbappé fè 2 gòl epi rive nan rekò Cavani an.

700 gòl sa yo, Messi rive fè yo fas 119 ekip ki nan Liga, Ligue 1 ak konpetisyon ewopeyen yo. Jwè ki pran Balon dò a 7 fwa, fè 669 gòl ak Barcelone epi 31 gòl ak PSG.

Ekip Messi bay plis gòl nan karyè li se FC Seville (38 gòl), Atletico Madrid (32 gòl), lòt viktim yo se Valance (31 gòl), Real Madrid ak Betis pran 26 gòl. Karyè Messi se yon paj dore nan istwa jwèt la. Sa ansyen jwè Barcelone nan rive fè nan jwèt la, ap pran anpil tan pou lòt jwè rive fè yo epi bat rekò li fè yo.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Ligue 1 Lionel Messi