Categories: AN KREYÒL JUSTICE

Jij Wilner Morin refize syeje bò kote Komisè Lafontant, akoz li pa sètifye

Share

Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant te sibi yon gwo imilyasyon piblik majè ayè lendi 27 fevriye 2023 a, aprè jij Jean Wilner Morin te refize syeje bò kote l. Pandan yon seyans koreksyonèl, Prezidan Asosyasyon Majistra Ayisyen yo, te refize kategorikman chita bò kote Chèf Pakè Pòtoprens lan paske Konsèy Siperyè Lajistis la (CSPJ) pa t sètifye l.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Dosye ki gen rapò ak non sètifikasyon anpil Majistra nan men Konsèy Siperyè Lajistis la (CSPJ) kontinye ap fè aktyalite nan peyi a chak jou pi plis. Yon sitiyasyon ki vin pi grav apre yon piblikasyon CSPJ ki entèdi moun ki pran sanksyon oswa moun ki pa sètifye yo pran plas nan 18 jiridiksyon peyi a.

Vrèman vre, youn nan Majistra ki afekte nan desizyon jidisyè sa a, se Mèt Jacques Lafontant. Nan kad yon seyans koreksyonèl ayè lendi 27 fevriye 2023 a, Komisè Gouvènman Pòtoprens lan te sibi yon gwo imilayson piblik majè aprè Jij Jean Wilner Morin te refize syeje bò kote l jan CSPJ a te mande sa nan yon memorandòm ki te pibliye sèmen ki sot pase a.

Yon lòt bò, Fondasyon Je Klere (FJKL) te bat bravo pou desizyon jij Morin an. Nan yon mesaj vokal, Direktris Egzekitif òganizasyon dwa moun sa a, Marie Yolène Gilles envite chèf jiridiksyon yo pou anpeche majistra ki pa sètifye yo syeje epi egzèse fonksyon yo kòm majistra jan CSPJ a vle sa.

N ap raple, gen anviwon 30 majistra ki pa sètifye nan men Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), dapre korespondans ki soti nan pi wo kò jidisyè nan peyi a ki adrese a Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Emmelie Prophète Milcé. Pami non sa yo genyen komisè gouvènman nan TPI Pòtoprens lan Jacques Lafontant, Garry Orélien ak Jean Osner Petit-Papa.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: Jacques Lafontant Jucetice Wilner Morin