Categories: AN KREYÒL SPORTS

Yon premye rekonpans endividyèl pou CR7 nan peyi Arabi Sawoudit

Share

Atakan entènasyonal potigè an ki gen apèn de mwa depi li rejwenn Arabi Sawoudit nan Al-Nassr, rekonpanse jodi madi an kòm pi bon jwè mwa fevriye an nan chanpyona sawoudyen an.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Avèk sèlman 5 match jwe depi rive l nan chanpyona arab la nan fen mwa desanm ki sot pase a, Cristiano Ronaldo resevwa premye pri endividyèl li sou koulè ekip Al-Nassr an kòm meyè jwè mwa fevriye an.

Atakan pòtigè an ki ta pral kite Angletè nan fen ane 2022 an aprè yon kòmansman sezon difisil avèk Manchester United, deja enpoze l nan chanpyona sawoudyen an kote pou 5 premye match li yo li deja enskri 8 gòl epi bay 2 pas desizif.

Cristiano Ronaldo ki kite foutbòl ewopeyen an aprè anviwon 20 lane ap jwe pwofesyonèl, pa pran tan pou briye nan Saudi Pro League la, kote aprè sèlman 5 match, li deja resevwa premye rekonpans endividyèl li.

Atakan potigè 5 fwa balon dò a deja pwente l nan katriyèm plas klasman bitè Saudi Pro League la avèk 8 gòl li deja enskri yo. Cristiano Ronaldo ta pral rejwenn chanpyona sawoudyen an nan mitan wout kote 18 jounen gentan jwe.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Arabie Saoudite Cristiano Ronaldo sports