Categories: AN KREYÒL SPORTS

FC Barcelone ranpòte premye manch Clasico demifinal Copa del Rey lan

Share

Sou yon gòl defansè brezilyen an, Éder Militâo ta pral bay tèt li, FC Barcelone genyen jodi jedi an premye manch seri demifinal Koup Espay lan (1-0) fas gran rival li, Real Madrid.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Blaugrana yo ki te an deplasman nan Santiago Bernabeu an, genyen Real Madrid sou yon otogòl defansè brezilyen an, Éder Militâo ta pral make nan 26èm minit aprè yon balon Thibaut Courtois ta pral repouse pou Franck Kessié.

Yon gòl ki ta pral refize nan yon premye tan pou òje, aprè verifikasyon abitraj videyo, abit santral match sa, José Luis Montero, finalman valide l ki pèmèt katalan yo ranpòte premye manch demifinal Copa del Rey lan.

Blaugrana yo ki pa t genyen prezans atakan polonè an, Robert Lewandowski, jèn mitan tèren espanyòl la, Pedri, epi Ousmane Dembélé ki blese, genyen Clasico sa epi pran yon bèl opsyon pou final konpetisyon an.

FC Barcelone ki elimine nan tout konpetisyon ewopeyèn yo aprè defèt yo semèn pase a fas ekip Manchester United la (1-2), konsantre pou kounya tout fòs li sou Liga a epi Copa del Rey lan kote yo bat rival yo, Real Madrid, nan demifinal ale an.

De ekip sa yo ki nan yon batay a distans pou ranpòte chanpyona Espay la sezon sa, pral gen gen pou jwe pandan de fwa ankò pandan sezon an avèk nan yon premye tan match retou Liga a, 19 mas k ap vini la, epi dezyèm manch Copa del Rey lan k ap fèt 5 avril.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Barcelone Copa del Rey real madrid