Categories: AN KREYÒL SPORTS

Graham Potter pa gen lòt chans aprè match fas Leeds la

Share

Pwoblèm yo anpil pou Blues yo, ki 10zyèm nan Premier League la ak 31 pwen, Chelsea pi prè zòn wouj la, yon pwoblèm pou ekip la ki ka pa menn jwenn yon plas pou Champions League sezon k ap vini. Move rezilta sa yo kapab fè Graham Potter pèdi travay li si l pèdi jodi samedi a, fas Leeds Leeds United.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Anyen pap mache pou ekip Chelsea a depi yon bon bout tan, ni nan Premier League la, no nan Champions League sezon sa. Malgre gwo depans dirijan yo fè sou mache transfè a (Joao Felix, Enzo Fernandez , Mudryk) rezilta yo poko vini. Sa ki konplike leadership Graham Potter nan fèt klèb.

Yon lòt bò fanatik yo ap plenyen pou teknisyen anglè a Graham Potter, yo vle ki pou demisyon. Jodi samedi an, rankont fas Leeds United kapap deside sò ansyen antrenè Brighton non. Poutan mèt klèb la,Todd Boehly kwè Graham Potter dwe kontinye travay li, paske voye l ale ap fragilize sitiyasyon klèb la pi plis.

Daprè jounalis Fabrizio Romano, rankont fas ekip Leeds la, se yon final pou ansyen antrenè Brighton, si mesye pèdi match sa, li ka tou pèdi travay li.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Chelsea Graham Potter Premier League