Categories: AN KREYÒL ÉDUCATION

Nan Jakmel, plizyè elèv pran lari pou mande MENFP pwofesè

Share

Alòske nan Pòtoprens plizyè lekòl paka fonksyone akòz ensekirite a ki tabli kò l nan tout rakwen, nan plizyè vil pwovens, elèv paka jwenn pwofesè ki pou dispanse kou pou yo kòrèkteman.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan depatman Sidès peyi a, pi presizeman nan Jakmel, plizyè elèv te pran lari depi kòmansman semèn nan pou pwoteste pou pwofesè yo paka jwenn nan sal klas yo depi kèk tan. Okazyon sila te pèmèt yo adrese yo ak minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), Nesmy Manigat.

Elèv Lise Célie – Lamour ak Lise Pinchinat, pat mete dlo nan bouch yo pou kritike otorite anplas yo ki pa pran bon jan mezi pou pèmèt yo byen swiv pwogram akademik 2022-2023 a kòmsadwa, nan mete bon jan estrikti kanpe, epi met pwofesè disponib nan sal klas yo. Yo te ale manifeste devan biwo MENFP-Sidès la, ayè lendi 6 mas la nan maten.

N ap raple, depi sou administrasyon Jovenel Moïse la, edikasyon an te deja kòmanse bafwe ak opozisyon an, nan tèt li Mèt André Michel, ki te anpeche lekòl fonksyone kòrèkteman. Timoun pat ka ale lekòl akòz manifestasyon ak batay ki te genyen pou kontwòl pouvwa a. Jounen jodia nou an 2023, timoun yo poko janm ka pran bon jan ansèyman kè pòpòz akòz ensekirite a ki tout kote, epi ki kite yon twomatis san parèy lakay yo.

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Education jacmel MENFP nesmy manigat