Categories: INSECURITE

3 647 moun Bèlè, Dèlma2, Dèlma24, Solino abandone joupa yo, daprè OIM

Share

Yon total 2 647 konpatriyòt ki soti nan katye Bèlè, Dèlma2, Dèlma24, Solino deja abandone kay yo akòz afwontman gang ak zam yo nan katye sa yo, se yon bilan pasyèl ki pote siyati Òganizasyon Entènasyonal pou Migran yo (OIM), epi ki pibliye ayè madi 7 mas la swit ak nouvo panik bandi san fwa ni lwa k ap teworize zòn sa yo te tanmen depi 28 fevriye 2023 pase a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Se ak lapenn, Òganizasyon Entènasyonal Pou Migran yo anonse yon bilan katastwòfik sou sitiyasyon k ap dewoule nan katye Bèlè yo ak zòn ki anviwonnenl yo tankou : Dèlma2, Dèlma24, Solino elatriye…. Anviwon 2 647 moun deja abandone patiraj yo akòz presyon gang yo nan zòn sa yo.

Depi 28 fevriye 2023, li te nan 1è nan aprè midi yo, plizyè rafal katouch te kòmanse chante mikala w, malgre fòs lòd yo te eseye a plizyè repris kreye dilijans pou kanpe brimad yo, sitiyasyon an te vin twò fò pou ajan PNH yo. Plizyè malere ak malerèz blije chèche wout pa bwa, paske pa ret yon miyèt sekou pou viv nan move kondisyon sila a. Kèk nan moun sa yo oblije ak refije yo kay zanmi, fanmi lwen, genyen ki reziye yo anfème lòt kay pandan yo t ap dòmi leve nan apatman yo konstwi ak swè yo.

Pandan lòt peyi ap ofri Ayisyen avantaj pou vin travay lakay yo nan sousi pou kontinye miltipliye devlopman yo, bandi san fanmi menm san epi ki pale menm lang ap chase frè yo ak sè yo sou pretèks pou dirije plis katye, malfektè san ginen Bèlè, Dèlma2, Dèlma24, Solino yo pandan tan sa yo, pouve a klè, yo se ajan destrikyon sosyete Ayiti espere a.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Belair Delma 2 Delma 24 Haiti Insecurite OIM