Categories: SOCIÉTÉ

Plizyè fanm resevwa swen gratis nan okazyon jounen 8 mas la

Share

Nan okazyon Jounen Mondyal Dwa Fanm yo ayè 8 mas 2023 a, plizyè fanm nan zòn Taba 32, te jwenn chans resevwa swen gratis ti cheri, Klinik Fanm Vanyan, se non estaf medikal sa a ki bay tèt yo misyon pou òganize aktivite sila a depi 2 lane.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Plis pase 120 fanm ki genyen ladan yo manman pitit, jenn demwazèl ak machann te debake an foul pou resevwa swen gratis andedan lokal Klinik Fanm Vanyan an, presizeman nan Taba 32 andedan mache a, yon aktivite daprè responsab yo, ki pa gen okenn esponnsò ki lonje men ba yo, menm ògàn k ap jere koze lasante nan peyi a.

Si 8 mas senbolize Jounen Mondyal Dwa Fanm, dwa ak moso lasante se youn nan pi gwo dwa fanm dwe genyen nan mond lan, daprè deklarasyon doktè Lordson Montinard, ki se alafwa kowòdonatè mouvman sa a “Klinik Fanm Vanyan”. “Yon peyi tankou Ayiti, fanm ta dwe jwenn anpil dwa ak valè, paske fanm se motè sosyete a, youn nan dwa nou jije fanm dwe genyen men ki manke an Ayiti se dwa ak lasante”.

2 lane depi y ap fè aktivite sa a nan avantaj fanm yo an Ayiti, Klinik Fanm Vanyan genyen nan tèt li plizyè medsen jeneralis volontè, pami yo doktè Thelemaque Lourdes-Jina, ki se kowòdonatris adjwen mouvman sa a… ” Nou pap kanpe, se yon aktivite nou toujou fè epi n ap toujou fè nan peyi a, depi BonDye ban nou lavi. Pou n montre enpòtans fanm genyen nan yon peyi tankou Ayiti ki si difisil”

Doktè Lordson Montinard bò kote pa l kwè ” ak fanm kapab gen amelyorasyon nan peyi a, paske depi fanm ka ban nou lavi pa gen anyen yo pap pa sipòte”

Yon lòt bò, doktè Thelemaque Lourdes-Jina di li satisfè pou 2yèm lane sèvis sa a ki, pwouve l fanm vanyan parèy li yo merite plis tretman toujou pa bò lakay.

Nan yon peyi tankou Ayiti, kote ensekirite a k ap vale teren, fòse tout enstitisyon enpòtan fèmen pòtay yo, menm lopital paka ofri sèvis li kòmsadwa, dwa ak lasante a pa vrèman gen yon anpwent sou li an Ayiti, paske, lè lopital yo pa fonksyone, swadizan dirijan yo jwenn chans al chèche lavi nan peyi lòtbò dlo, lè yon ti kranp pran yo, se nan sousi sa a, doktè sa yo ki pa anvizaje pran lajan nan men sitou, fanm yo k ap bouske lavi nan tout rakwen ak ti kwen, vle fasilite yo omwen moso lasante a ki vin tounen yon (Luxe) nan lavi yo chak jou.

Yo prevwa òganize aktivite sa a pandan tout ane a, pa sèlman chak 8 mas, yo reyalize plizyè kanpay pou lasante nan divès vil pwovens ak lòt zòn nan kapital la, pwojè yo pou ane 2023-2024 la pa piti, yo sèlman bezwen sipò popilasyon an ak enstans ki gen leadership ògàn lasante yo nan peyi a.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: 8 mars 2023 Doktè Lordson Montinard Haiti Klinik Fanm Vanyan Santé Tabare 32 Thelemaque Lourdes-Jina