Categories: AN KREYÒL SPORTS

Manchester United reprann li aprè imilyasyon wikenn pase an

Share

Aprè imilyasyon (7-0) yo pran fas Liverpool wikenn ki sot pase a, Manchester United reprann li kote l kraze Real Betis (4-1) nan kad uityèm definal ale Europa League lan ayè jedi 9 mas la.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Red Devils yo ki t ap resevwa ekip espanyòl la nan Old Trafford lan, anviwon kat jou aprè rakle yo pran fas Liverpool la nan Premier League la, enpoze l sou Real Betis li genyen (4-1) gras ak Rashford, Antony, Bruno Fernandez epi Wout Werghorst.

Aprè yon premye mitan ki fini nil, yon gòl nan chak kan avèk egalizasyon Andalou yo nan 32èm minit, Mankinyen yo ta pral pase yon vitès siperyè nan dezyèm peryòd lan kote yo reyisi enskri 3 gòl pou finalman genyen match la (4-1).

Yon viktwa ki ofri yon bèl opsyon ak Reds yo ki pral gen pou deplase ale an Espay, lakay Betis, pou jwe match retou uityèm definal Europa League lan, 16 mas k ap vini la kote yo pral gen pou konsolide rezilta sa yo fè nan Old Trafford la.

N ap raple, tiraj osò pou rès konpetisyon an ap gen pou fèt nan dat 17 mas k ap vini la, nan demen match retou uityèm definal yo, avèk 8 ekip k ap kalifye yo pou kadefinal Europa League la sezon sa.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: 17 mars 2023 Antony Bruno Fernandez Europa League Manchester United Old Trafford Rashford Real Betis Wout Werghorst