« Kanada pa gen kapasite pou dirije yon misyon sekirite an Ayiti », daprè Jeneral Wayne Eyre

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kanada pa gen kapasite pou dirije yon misyon sekirite an ayiti, daprè jeneral wayne eyre

Gouvènman Premye minis Ariel Henry an, te mande plizyè fwa pou yo voye yon fòs militè entènasyonal nan peyi a, depi oktòb lane 2022 nan lide pou konbat gang ak zam yo nan peyi a. Sepandan, Chèf Eta majò lame Kanadyèn nan, Wayne Eyre, di li enkyè paske fòs lame peyi li a, ki deja fatige ak sipò pou Ikrèn ak Òganizasyon Trete Nò Atlantik la, pa gen kapasite pou dirije yon posib misyon sekirite an Ayiti, rapòte ajans Reuters, Jedi 9 Mas 2023 a.

Si peyi Lèzetazini te espere pou Kanada pran devan nan yon entèvansyon militè an Ayiti jan Gouvènman aktyèl la te mande sa, ebyen Otawa montre li trè pridan sou estrateji sa a, tout pandan li favorize yon solisyon Ayisyèn.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Enkyetid mwen se kapasite nou pandan n ap rebati lame nou an, epi n ap pase nan nivo brigad nan Letoni. Gen anpil bagay pou nou fè, li ta difisil anpil,” te di pi gwo ofisye militè Kanada nan jounal Reuters.

Nan plizyè okazyon, Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau te fè konnen solisyon kriz ayisyèn nan dwe soti nan men ayisyen. Jeneral Wayne Eyre te repete mesaj sa a bay jounal Reuters.

« Solisyon an dwe soti nan men Ayisyen yo, pa nan lòt peyi », te presize Chèf Eta majò lame peyi Kanada a, Wayne Eyre.

Li enpòtan pou nou raple, Kapital ayisyèn nan prèske anba kontwòl bandi ak zam k ap fè ravaj.
Pandan tan sa a, Chèf Gouvènman bò kote pa l, ap rete tann èd nan men kominote entènasyonal la pou mete kanpe yon fòs lame miltinasyonal espesyalize pou sipòte Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) a nan lit l ap mennen kont bandi ak zam k ap simaye latwoublay nan peyi a depi kèk lane.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.