Categories: AN KREYÒL NETALKOLE

Sitiyasyon an Ayiti: ant kriz politik ak imanitè

Share

Pandan plizyè ane, Ayiti konfwonte ak plizyè kriz politik ak imanitè ki gen konsekans grav sou lavi Ayisyen yo. Sitiyasyon an te patikilyèman enkyetan nan dènye mwa sa yo, ak yon eskalad nan vyolans, yon efondreman ekonomi ak yon sitiyasyon imanitè ki ap vin pi alamant chak jou k ap pase.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan nivo politik, peyi a plonje nan yon gwo kriz depi asasina Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021. Depi lè sa a, peyi a ap gouvène pa yon gouvènman pwovizwa ki gen nan tèt li, Premye minis Ariel Henry, yon Gouvènman ki pa rive pote yon estabilite politik nan peyi a. Manifestasyon yo souvan ak vyolans, epi popilasyon Ayisyèn nan ap vin pi mefyan anvè politisyen yo.

Pi lwen pase pwoblèm politik yo, peyi a ap fè fas ak yon kriz imanitè pi gwo. Yon povrete endemik, epi sitiyasyon an vin pi mal ak pandemi Covid-19 la. Anpil Ayisyen te pèdi travay yo, mete sou sa, sitiyasyon ekonomik la te deteryore byen vit. Sèvis sante yo limite, epi malnitrisyon gaye toupatou, sitou pami timoun yo, daprè sa yon rapò UNICEF te fè konnen man mwa pase yo.

Sitiyasyon an te vin pi mal toujou, kote bandi ak zam pa sispanm simen laterè anndan sosyete Ayisyèn nan, daprè kèk òganizasyon dwa moun, gen plis sivil ki pèdi lavi yo an Ayiti, pase peyi Ikrèn ki nan lagè depi plis pase yon lane.

Fas ak sitiyasyon kritik sa a, kominote entènasyonal la te mande èd yon fason pou peyi a jwenn asistans imanitè. Sepandan, sitiyasyon an konplèks, epi solisyon dirab mande efò alontèm pou ranfòse enstitisyon ak ekonomi peyi a.

Donk, sitiyasyon an an Ayiti enkyetan epi li mande yon atansyon ijan nan men kominote entènasyonal la. Piske Popilasyon Ayisyèn nan ap fè fas ak plizyè defi, epi yo bezwen solisyon dirab pou rezoud pwoblèm politik, ekonomik ak imanitè ki afekte lavi chak jou yo.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: Ariel Henry ayiti Bandi Covid-19 ekonomik entènasyonal Imanitè Jovenel Moïse malnitrisyon Manifestasyon Politik Popilasyon Ayisyèn UNICEF Vyolans Zam