Categories: AN KREYÒL SPORTS

Vincent Kompany ak Burnley rejwenn Premier League la

Share

Gras ak viktwa yo (2-1) fas Middlesbrough ayè vandredi an, Burnley ki gen nan tèt li kòm antrenè Vincent Kompany valide plas li nan Premier League lan pou sezon k ap vini an.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Burnley ki kraze prèske tout sa li jwenn sou wout li sezon sa nan Championship lan, reprann plas li nan Premier League la aprè anviwon yon lane depi l ta pral desann nan chanpyona dezyèm divizyon anglè an.

Ansyen defansè santral epi kapitèn Manchester City an k ap mennen ekip Burnley an, Vincent Kompany, reyisi fè yon sezon ekstraòdinè avèk sèlman de defèt depi kòmansman sezon an nan Championship lan.

Burnley ki pa pèdi yon match nan Championship lan depi 5 novanm ane pase, rejwenn elit foutbòl anglè an aprè yon sezon kote l deja ranmase 89 pwen aprè 39 jounen chanpyona, sa ki fè li se premye ekip ki asire monte l nan Premier League la pou sezon k ap vini an.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Burnley Championship foutbòl Manchester City Middlesbrough Premier League Vincent Kompany