Categories: NETALKOLE

FBI entèwoje plizyè sispè kolonbyen nan asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse

Share

Prezidan Jovenel Moïse mouri depi nan lannwit 7 jiyè 2021 men jiskaprezan li poko ka jwenn jistis. Ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse kontinye ap bwate jiskaprezan.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Plizyè ajan federal ameriken te rann yo an Ayiti semèn pase a pou te vin tande plizyè sispè kolonbyen nan kad ankèt k ap fèt sou asasina ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, depi mwa jiyè 2021.

Ajan FBI yo tande 4 sispèk nan zafè sila, se sa nou aprann. Yo te sòti yo nan selil yo anndan penitansye nasyonal. Yo fè pati ekip kolonbyen ki te atake rezidans chèf Leta nan jou trajedi a, nan Peleren 5, nan komin Petyonvil.

Si pa genyen detay ki bay sou kontni entèwogasyon yo, n ap presize se kèk jou aprè divès ofisye FBI te deside ale vizite rezidans prive “Nèg bannann nan” nan katye Peleren 5. Yo te akonpaye ansanm ak jij ki sou ankèt la pa bò isit an Ayiti, Walther Wesser Voltaire.

Vizit FBI sou teritwa a nan kad zafè sila kowenside ak dènye odisyon òm dafè ak dilè dwòg Rodolphe Jaar ki plede koupab nan tribinal federal Miami.

Jaar, ki genyen 50 lane, revele bay FBI fason li te bay ansyen sòlda kolonbyen yo zam, lojman, manje ak lajan pou te kòwonp sèvis sekirite prezidan an nan jou atak la. Li se youn pami 11 moun otorite federal yo akize nan Miami.

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: 7 jiyè 2021 Assasina ayiti FBI Jovenel Moïse kolonbyen Miami otorite federal Peleren 5 Petyonvil Rodolphe JAAR Sekirite Walther Wesser Voltaire Zam