Plizyè vwa nan mond kiltirèl ayisyen an mande liberasyon Robert Denis

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
Par Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste  - Rédacteur
plizyè vwa nan mond kiltirèl ayisyen an mande liberasyon robert denis

Plizyè vwa nan mond kiltirèl ayisyen an egzije liberasyon Robert Denis, enjenyè son, batè, pwodiktè ak ansyen mèt stidyo anrejistreman « Audiotek », nèg ak zam kidnape 11 avril 2023 sou wout Frè nan Petyonvil.

Depi apre kidnapinn sa , plizyè pèsonalite mande liberasyon san kondisyon direktè jeneral chèn televizyon « Canal Bleu » a ki se tou ansyen direktè Telemax .

Nan yon videyo ki pibliye sou rezo yo , maestwo gwoup « Klass » la, Jean Richard Hérard, anpil moun konnen sou non Ritchie, fè konen « Boby »se premye moun ki wè talan li.

Plizyè lòt gran non nan kilti ayisyèn lan mande tou pou ravisè yo libere Robert Denis ki deja malad. Shabba, Toto Laraque, Fanfan manb Tabou Combo, Ralph Condé ak Roro batè Djakout # 1 se kèk nan moun sa yo .Yo pibliye videyo pou mande kidnapè yo libere tanpri gwo potorik gason sa .

Nap raple « Bobby Denis  » se yon poto mitan nan mizik ayisyen an, pandan plizyè ane li te anrejistre epi pwodui anpil gwoup ak atis ayisyen nan stidyo li a Audiotek.

Animatè Gilles Freslet ak Havana Guitar Night pibliye tèks sou kont Facebook yo ki ale nan menm sans lan. Sou kont Facebook li ,Havana Guitar Night pibliye mesaj sa pou pale ak kidnapè yo: « Frè’m yo souple Lagé BOBBY DENIS pou nou, mizik manman nou te konn chante pou fè’n dòmi c Mesye saa ki enregistre yo li pagen kob pitye pou li »

Philippe Saint-Louis, espere limenm kidnapinn sa li konsidere kòm yon bagay ki di anpil ap kenbe atansyon an epi mobilize sektè ki konsène a nan yon fwa pou tout.

Sitiyasyon an Ayiti a reprezante yon gwo pwoblèm, avèk kidnapinn lan ki pa sispann ogmante epi afekte tout kouch nan popilasyon an, san retire pèsonalite nan monn kiltirèl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média