Nan yon seremoni ki reyalize ayè mèkredi 12 avril la, UNICEF remèt sou fòm don 30 motosiklèt ki pral gen pou sèvi inite Polis kominotè edikatif la moun plis konnen sou non Edupol.
An prezans Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat ak reprezantan UNICEF la an Ayiti, Bruno Maes, 30 motosiklèt sa yo remèt ayè mèkredi an kote yo pral sèvi pou ajan Edupol yo kouvri plis espas sou teritwa nasyonal la.
Minis Nesmy Manigat ki te pran lapawòl nan seremoni sa, remèsye UNICEF pou don sa kote l fè konnen inite Edupol la te vrèman bezwen sa ki pral pèmèt yo kouvri lòt komin nan rejyon metwopolitèn nan, tankou Kwadèboukè ak Kafou.
Pou Bruno Maes, UNICEF kwè nan travay ajan polis kominotè edikatif yo ki, daprè sa l fè konprann, se yon pilye pou estabilite anndan peyi an avan l ajoute pou di « ekipe ajan Edupol yo ap pèmèt yo sekirize lekòl yo pou timoun yo kapab aprann san kè sote.
Facebook Comments