Categories: AN KREYÒL SPORTS

Harry Kane, youn nan priyorite PSG sezon k ap vini

Share

Daprè jounal “Le Parisien” atakan Tottenham nan se youn nan pi gwo priyorite klèb Paris Saint-Germain an, yon transfè ki kapab koute klèb kapital fransè a 100 milyon ewo. Sepandan, kontra jwè a ak klèb anglè a poko fini, l ap bout 2024. Harry Kane ki pa anvi pwolonje ak klèb Londonyen an kapab depoze valiz li nan PSG pou ete a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Paris Saint-Germain ki vle aktif sou mache transfè a pou ete a, gen anpil jwè yo sible pou sezon kapab vini, atakan Anglè a, Harry Kane se priyorite nimewo 1, Luis Campos ak PSG. Yon transfè ki ka koute PSG 100 milyon ewo.

Transfè sa, se yon posibilite pou Kylian Mbappé kapab gen yon jwè ki pou ede l devan. PSG ki pa fin konte sou Messi ak Neymar. Toutfwa yo ta vann Messi ak Neymar, dirijan yo ap jwenn ase lajan pou yo fè vini Kane nan ekip la.

Men si transfè Harry Kane nan pa rive reyalize pou ete a, PSG konte al pran Romelu Lukaku. Bèlj ki ka pa rete nan Inter pou yon lòt sezon.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Harry Kane Kylian Mbappé Le parisien Luis Campos Messi Neymar psg Romelu Lukaku Tottenham