Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Yon jounen trajik nan Sous Matla ak Kanaran, bandi touye plizyè moun

Share

Ayè mèkredi 19 avril 2023 a, bandi ak zam nan Kanaran atake plizyè lokalite ki sitiye nan antre nò kapital la, pami yo Sous Matla, ki sitiye li nan komin Kabarè.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depi ayè byen bonè plizyè moun te siyale sitiyasyon an te dejenere la, nan moman komin Petyonvil t ap pran kal pa li anba men bandi Vitelhomme Innocent. Konsa, nou aprann plizyè moun fè vwèl pou peyi san chapo pandan atak malfektè yo ki sou lòd “Ti Jeff”, san konte sa ki blese.

Wi, plis pase yon dizèn moun mouri nan zòn Sous Matla ak Kanaran. Plizyè kontni amatè montre kijan kèk moun t ap kouri pou sove po yo anba firè bandi yo. Konsa tou, genyen lòt ekstrè ki montre kadav krabinen ak bal oubyen ki dekapite ak manchèt atè nan lari.

Pandan menm jounen sila otè zak yo te pwofite atake Prizon sivil Kabarè a, erezman fòs lòd ki te sou plas te kontrekare atak la ak repouse yo.

Nan Kabarè, sitiyasyon an rete sou tansyon depi ane pase akòz dispozisyon gang ame yo ki nan antre nò kapital la Pòtoprens pran pou kontwole zòn sila, epi popilasyon sivil la pa epanye. Epi kriminèl yo jwenn sipò bandi ki sòti Vilaj de Dye.

An desanm 2022, yon ventèn moun te mouri nan Sous Matla deja swit ak yon masak menm bandi Kanaran yo te fè akòz moun nan zòn nan pat vle yo vin enstale yon chèf gang  pou dirije zòn nan.

Malgre entèvansyon lapolis repete nan zòn sa a, kote plis pase 68 000 abitan, gang ame yo toujou domine akòz prezans lapolis redwi la.

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: 19 avril 2023 Bandi chèf gang dekapite ensekirite Gang ame Kabarè Kanaran kriminèl Lapolis manchèt Mouri Petyonvil Pòtoprens Prizon sivil Kabarè Sous Matla Ti Jeff Touye Vilaj de Dye Vitelhomme Innocent