Categories: AN KREYÒL SPORTS

Manchester City kraze Arsenal (4-1) nan chòk Premier League la

Share

Arsenal pa rive kanpe machim Citizens nan pou 33zyèm jounen Premier League la, jodi mekrèdi a. Ak yon gwo Kevin De Bruyne, Gunners yo pat ka jere nan rankont lan, Manchester City kraze lidè a epi alinye yon 12zyèm viktwa youn deyè lòt fas ekip Arsenal la. Gunners yo gen 2 pwen sou Sky Blues yo, ki gen 2 match an reta.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Arsenal tonbe fò fas ekip Manchester City (4-1) an nan Etihad Stadium nan, jodi mekrèdi a. Bitè Citizens yo se : De Bruyne kifè yon double epi fè 16zyèm pas gòl li, Stones ak Haaland se lòt bitè yo. Atankan nòvegyen an vin meyè bitè Premier League la sou yon sezon, sou 31 match li fè 33 gòl. Grenn gòl ekip Arsenal la se zèv Holding.

Gunners yo ki nan tèt chanpyona depi lè sezon an lanse dwè kòmanse enkyete yo pou tit la. Arsenal ralanti sou wout pou tit la, ekip Guardiola  kontinye ap fè viktwa, yo gen 2 match an reta. Aprè viktwa sa Citizens yo gen desten yo nan men yo.

Ekip Arsenal la konnen l ap jwe Champions League la sezon kap vini. Pou rès jounen yo Gunners yo pral veye plizye fo pa ekip City a pou yo ta espere pran tit sa, yon tit yo pa pran depi plis pase 15 lane.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Arsenal Champions League Etihad Stadium Haaland Holding Kevin De Bruyne Manchester City Premier League Stones