Anplis salè li, direktris CAS la t ap resevwa omwen 1 milyon goud kòm frè jeneral chak mwa

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
anplis salè li, direktris cas la t ap resevwa omwen 1 milyon goud kòm frè jeneral chak mwa

Direktris jeneral Kès Asistans Sosyal la (CAS) jwenn arestasyon l jou ki te madi 25 avril 2023 a aprè lajistis te fin tande li sou yon dosye koripsyon, patikilyèman detounman lajan, ki t ap bouyi anndan enstitisyon sila depi kèk tan. Swit ak arestasyon l, plizyè revelasyon fèt sou movèz jesyon l t ap fè nan CAS depi lè li te pran fonksyon nan lane 2021.

Anplis li t ap touche yon salè 65,700 goud chak mwa, Madam Edwin Tonton, ki nan prizon pou kounya, t ap resevwa chak mwa tou yon frè jeneral ki estime ak 1 milyon 60 mil 15 goud, si n kwè revelasyon radio Référence, ki site sous li yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li fè konnen kòb sila te pati konsa: 250 mil goud kòm frè, 225 mil goud kòm kòb pou met gaz nan machin, epi 600 mil goud ale sou yon kat debi. CHAK MWA!

Revelasyon sila yo fèt alòske Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC), swit ak ankèt li mennen, akize direktris CAS la li detounen plizyè milyon goud ak akolit li yo nan bwat sila. Swit ak odisyon li devan jij Jean Wilner Morin, lapolis mare l epi ale avèk li.

Rive nan tèt CAS nan lane 2021 pou te ranplase Frantz Iderice, Edwine Tonton te pran angajman pou l « sèvi sila ki pi fèb yo ak diyite, menm jan l se yon manman pitit ki jere fanmi li » tout sa ak mwayen CAS mete a dispozisyon l.

N ap raple nan menm zafè sila yon ansyen chèf kontab CAS, Pierre Valles, te deja jwenn arestasyon l. Yo 2 a pami kèk lòt kowonpi pran plezi nan manje lajan pèp la ki la pou pote yon asistans bay sila ki pa kapab yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.