NETALKOLE

Ayiti absan nan lis peyi ki ap patisipe nan 72zyèm edisyon « Miss Universe » lan

Nan dat 1 me 2023, òganizatè konkou entènasyonal « Miss Universe » yo pibliye lis peyi ki ap genyen pou patisipe nan 72zyèm edisyon an san prezans Ayiti .

Konkou sa ki fonde en 1952 fet nan objektif pou ede fanm 18 a 28 lane bati avni yo epi depase limit pandan yap goumen pou ekite nan kesyon jan.

Ayiti te patisipe premye fwa nan konkou sa nan lane 1962. Men nan edisyon sa li pap patisipe akoz li pa fè pati lis peyi yo kenbe yo.

Si responsab yo pa bay rezon ki lakoz absans Ayiti nan nouvo edisyon sa anpil moun panse se akoz anpil pale anpil ki te fèt apre plizyè ansyen mis ki tap patisipe nan yon emisyon ki rele « Esans » te denonse abi yo sibi anba men Òganizasyon « Miss Haïti » ki te responsab pou ede jèn ayisyèn yo patisipe nan « Miss Universe ».

« Miss Haïti  » pa fè okenn piblikasyon sou sijè sa epi poko reponn mesaj Netalkole media.

Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média

Articles Similaires

1 de 1 075