Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Bal mawon kontinye ap tiye inosan nan yon klima ensekirite k ap grandi

Share

Sitiyasyon sekirite a an Ayiti konplike epi li toujou ap chanje. Bal pèdi oswa bal mawon se youn nan fenomèn ki afekte seryezman sekirite sivil yo nan kèk zòn nan peyi a. Gang ak zam yo ki vin trè aktif nan peyi a pandan dènye ane sa yo avèk vyolans, touye moun, kidnapin ak divès lòt zak tankou tire toutan nan kèk zòn ki sou kontwòl yo konn lakoz gen sivil inosan ki tonbe anba bal. Afwontman ant gang rival yo ansanm ak fòs sekirite an Ayiti yo souvan fèt anndan katye yo, ki konn lakoz gen sivil ki viktim anba bal pèdi.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Bal pèdi oswa bal mawon se katouch ki pa frape sib li vize an men ki kontinye deplase epi ki ka lakoz domaj oswa blese lòt moun. Lè gang yo an Ayiti ap tire, bal mawon souvan frape sivil inosan tankou timoun, granmoun aje, fanm ansent ak travayè ki senpleman nan espas travay yo oswa lakay yo.

Vrèman vre, ayè dimanch lan, Esther, se non yon jèn dam ki rann denyè souf li nan lopital Saint François de Sales, kèk jou aprè li te pran yon bal mawon anndan lakay li, nan zòn Meyòt. Daprè sa pwòch viktim lan fè konnen, dam sa ki te ansent 4 mwa te viktim anba bal mawon lè bandi ak zam te anvayi Meyòt, yon lokalite nan komin Petyonvil.

“ Esther te pran yon bal mawon nan vant, lè bandi te anvayi zòn lan, li te kouche anndan chanm li, epi bal la pete do tòl la, li pran malerèz la nan vant”, sa Bòpè viktim lan ki te kontinye pou l di: « yo te kouri Lopital ak Esther, li fè 3 operasyon, men sepandan, ayè dimanch 7 me a, li rann dènye souf li nan lopital Saint François de Sales.»

Se sak fè, fanmi viktim lan di li esansyèl pou otorite an Ayiti yo poze bon jan aksyon pou mete fen nan vyolans gang anndan sosyete a ak pwoteje popilasyon sivil la paske lè bandi ak zam yo ap goumen youn kont lòt oubyen lè yo fas ak Lapolis, popilasyon sivil ki inonsan an toujou ap viktim anba bal mawon, menm jan ak jèn dam sa ki te ansent 4 mwa a.

“Li enpòtan pou sekirite ak byennèt pèp ayisyen an dwe pi gwo priyorite otorite yo nan tout efò y ap fè pou fini ak vyolans gang ak pwoteje lavi moun inosan yo», pawòl yon lòt sitwayen ki t ap bay enpresyon l sou fenomèn ensekirite an.

N ap raple, fenomèn bal pèdi oswa bal mawon an, jeneralman komèt nan moman konfli ame nan zòn ki gen vyolans yo. Sivil inosan yo, sitou timoun yo, souvan viktim anba zak vyolans sa yo. Bal ki pèdi yo kapab sòti nan yon fiziyad ki pa kòrèk, move kalite zam, oswa batay ant gang.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: 7 me 2023 ayiti bal pèdi Bandi bandi ak zam ensekirite Esther gang lopital Meyòt pèp ayisyen Petyonvil Popilasyon Saint François de Sales Sekirite vyolans gang