Categories: AN KREYÒL SPORTS

FC Barcelone pa pare pou l bay dosye retou Messi a vag

Share

Jodi vandredi a, Eduard Romeu, vis prezidan ekonomik Barcelone lan, eksplike estrateji klèb la kapab itilize pou gran retou Lionel Messi sezon k ap vini an. Yon enfòmasyon li bay nan jounal “Sport”, kote li bay tout ti detay epi fè konnen balon an nan pye Liga a, pou l bay siyal pou Barcelone ka tanmen pwosesis retou Messi a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Yon rèv ki kapab vini reyalite pou tout fanatik Lionel Messi yo ki reve wè l nan FC Barcelone sezon kap vini an. Eduard Romeu, vis prezidan ekonomik klèb la, jwenn yon fòmil pou Chanpyon Mondyal 2022 a retounen nan klèb kè li an.

“ Nou ka pa gentan rive fè yon bidjè sou kantite kòb nou ka fè nan sa nou vann yo. Premye bagay nou dwe fè se enskri jwè nou genyen yo, sa nou renouvle yo, ki se eritaj klèb la. Aprè, se menm jan nan yon tren, pou yon jwè antre fòk genyen ki ale. Si pa genyen ki ale, menm si plan ta solid, l ap enposib pou n pran lòt jwè. Nou travay nan sitiyasyon ki pi difisil pase sa, men nou paka fè bagay yo tèt anba non plis. N ap eseye satisfè estaf teknik lan, san nou pa vyole okenn prensip”, deklarasyon vis prezidan ekonomik klèb la

Eduard Romeu te ale pi lwen nan mikwo “Sport” pou li montre enpak pozitif retou Messi a ap genyen nan Liga a aprè li te fin pase 17 lane ap jwe sou mayo Catalan an. “M pa konnen, men yon jwè tankou Messi, nenpòt kote li ale, y ap kontan resevwa l. Pa vre? Nan bon lojik, m kwè prezans li se yon bagay pozitif. M pap antre nan detay teknik yo. San nou pa bliye jan nou renmen Leo, se meyè jwè mond lan.”

Sepandan, retou Messi a se pa yon dosye ki fasil ditou. Pou sa rive fèt, fòk jwè a ta bese salè li, sitou nan sa ki gen pou wè ak mas salaryal li, ki ta dwe redwi. Sa ap evite klèb la tonbe nan koze “Fair-play” finansyè a. N ap raple, kontra Ajanten an ap bout 30 jen ak PSG. Kidonk, retou Messi nan FC Barcelone lan, se yon feyton ki pral anime mèkato a pou ete a.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Eduard Romeu fair-play FC Barcelone Liga Lionel Messi psg Sport