Categories: NETALKOLE

Delson Jean vin premye timoun k ap reprezante Sendwave an Ayiti aprè l fin chanpyon yon konkou

Share

Delson Jean pa yon egare jan anpil moun konn ap dil nan blag la. Pami anpil atis etranje kou Ayisyen k ap fè pwomosyon pou anpil gwo konpayi nan mond lan, Delson Jean vin premye timoun Ayisyen k ap gen pou reprezante yon gwo konpayi entènasyonal sou yon bèl kontra. Delson Jean ranpòte pandan semèn sa a plis pase 60 mil goud nan yon konkou atis evanjelik Frè Gabe te òganize nan kad yon pwomosyon pou Sendwave. Konkou sa a ki te lanse ak jèn dansè yo sou paj sosyal Frè Gabe yo, se filalman Delson ki ranpòte pri a epi ki benefisye divès gwo prim nan men Sendwave.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ou pa p pase sou Tiktok ak lòt platfòm sosyal yo pou w pa tande pale de ti bonnonm sa a oubyen pou w pa refè videyo l. “Delson”, ap evolye nan òfelina “Fondasyon Frè Lucson Zòn Pa Fè Moun”, anpil moun renmen tande l, gade l, sitou pou fason amoni vwa l ye lè l ap eksplike yon bagay. Pandan semèn lan, Delson Jean fini premye loreya nan yon challenge Frè Gabe te òganize pou yon pwomosyon li t ap ofri Sendwave.

Dewoulman konkou an te kòmanse ak plizyè jèn dansè sou entènèt la. Frè Lucson ki te vle patisipe nan challenge lan te filme Delson, nan sousi pou l te patisipe nan konkou sa a. Kondisyon an se te moun ki jwenn plis like, kòmantè ak pataj la se li k ap chanpyon, se Delson ki te rive genyen ak yon elan 13 mil like devan tout lòt konkiran yo.

Delson ranpòte yon total 400 dola ameriken pou kont pa l epi li vin ofisyèlman premye timoun k ap gen pou reprezante Sendwave an Ayiti sou yon kontra. Chak mwa, Fondasyon “Zòn Pa Fè Moun” ap resevwa yon sòm lajan pou Delson fè pwomosyon pou Sendwave epi reprezante l tout kote an Ayiti. “Yon pati nan kòb yo ap pou fanmi Delson, yon pati ap pou konstriksyon òfelina a, paske Delson toujou fè pati fanmi l ak fanmi fondasyon an”, te deklare PDG Fondasyon “Zòn Pa Fè Moun” lan Frè Lucson nan yon entèvyou ak redaksyon NetAlKoke Média.

Ki jan lavi Delson Jean pral chanje?

Si anpil moun k ap evolye nan lari sou nenpòt fòm lan pa gen bon renome oubyen notoryete nan sosyete a, sa pa anpeche yon bon maten solèy lespwa a leve sou yo pou vin chita pami gran yo. Delson Jean leve epi grandi Savann Pistach. Aprè afwontman ki te mete anfas bandi ak lapolis nan katye sa a kòmsman ane 2023 a, fanmi Delson te leve kite l nan kay poukont li pandan moman twoublan Savann Pistach t ap konnen yo. Delson te oblije kouri kite zòn lan pou l pa t viktim, se konsa li ta pral kòmanse nan vann sachè dlo ak krèm mayi nan yon igloo ak yon bourèt yo te fè l kado.

Jounalis Endy Poleus ki te rankontre ak Delson pandan l ap pwomennen krèm mayi, te fè yon entèvyou ak li pou konnen kisa ki te mete l nan lari a. Konsa, Delson te pwofite rakonte istwa li ak jounalis la, sa ki ta pral pouse plizyè moun fè Endy pwopoze Frè Lucson Zòn Pa Fè Moun entegre Delson nan òfelina li a. Rive Delson nan fondasyon an li familyarize l ak tout moun, sa ki te atire tout moun sou ti gason an se sajès ki nan vwa l la. Nan tout live fondasyon an, prezans Delson enpresyone tout live la, tout moun toujou ap pataje lanmou ak li nan tout entèvansyon l yo. Frè Lucson bò kote pa l, kreye bon jan ankadreman pou Delson ansanm ak tout timoun ki sou responsabilite l yo.

Lucson Jean fè devwa sitwayen l. Li pran divès timoun ki swadizan san espwa nan lari a, li mete yo lekòl, mennen yo legliz, ofri yo lamanjay 3 fwa chak jou, ba yo bon jan mwayen pou yo viv tankou tout timoun san diskriminasyon.

Delson, ant iritasyon ak natirèl

Anpil moun konprann Delson Jean gen yon twoub oubyen yon maladi ki lye ak gòj li, sitou fason li pale a. Lucson Jean ki se PDG fondasyon an konfime se yon bagay ki natirèl lakay Delson Jean pandan li fè konnen tou se yon bagay ki nan tout ras kote Delson soti a.

“Non ! Se pa yon maladi, ni se pa yon pwoblèm li genyen, li fèt konsa, tout fanmi l se konsa yo pale tou”, deklare Frè Lucson.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: ayiti Delson Jean Endy Poleus Fondation Fre Gabe Frè Lucson Jean Konkou òfelina Savann Pistach Sendwave Zòn Pa Fè Moun