Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Depi kòmansman ane a, ensekirite a deja koute lavi ak 1400 moun

Share

Òganizasyon Nasyonzini (ONU) pwononse l yon lòt fwa ankò sou zafè ensekirite a k ap vale tèren nan peyi d Ayiti. Li bay gwo alèt sou zak vyolans yo ki pa sispann nan mitan popilasyon an.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Sòti depi kòmansman ane 2023 pou rive jounen jodi a, Nasyonzini di li estime ak 1400 kantite moun ki viktim pandan eskalad vyolans yo nan teritwa gang ak zam kontwole yo. Moun sila yo viktim swa dirèkteman nan atak ak zam bandi oubyen pandan kidnapin.

Òganizasyon an mande nan kòmansman semèn lan, yon lòt fwa ankò, atravè vwa Antonio Guterres ki se Sekretè jeneral Nasyonzini, pou gen yon “sipò an ijans” ki bay ak Ayiti, peyi ki pi pòv nan Amerik la.

Depi Oktòb 2022, n ap raple, gouvènman ayisyen an te fè demann devan Nasyonzini pou yon fòs etranje te fè entèvansyon sou teritwa a pou vin konbat gang ak zam yo. Toutfwa, lè sa Premye minis Ariel Henry te vle kontrekare pwotestasyon popilè li te genyen anfas li. Se lè sa eslogan “Bwa Kale” a t ap pral wè jou.

Jiska jounen jodi a, depi lè demann sa te fèt la, pa gen pyès fòs ki debake nan peyi a pou vin tabli lapè. Malgre gen kèk peyi tankou Lèzetazini, Kanada, Repiblik dominikèn, Lafrans, elatriye, ki pa sispann pwononse yo sou sitiyasyon peyi a, pyès nan yo pa vle pran tèt misyon sila. Tan sa, kèk nan yo pito pran sanksyon kont plizyè òm d Eta, politisyen ak manm sektè prive ki enplike nan ensekirite aktyèl oubyen k ap finanse gang yo pa bò isit.

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Antonio Guterres Ariel Henry ayiti Bandi Bwa Kale ensekirite gang Kanada Lafrans Lèzetazini Nasyonzini ONU Repiblik Dominikèn Vyolans