Categories: AN KREYÒL SPORTS

José Mourinho kontinye mete mak li nan istwa foutbòl la

Share

Aprè kalifikasyon ekip AS Roma nan Lig Europa, ayè jedi a, fas klèb alman an B. Leverkusen (1-0, 0-0), antrenè Potigè a montre yon lòt fwa li se yon antrenè ki make istwa jwèt la epi leve defi nan majorite klèb li pase, malgre anpil echèk ak desepsyon. Aprè 2 sezon nan klèb women an, “Special One” lan pati pou 2 final. Se premye antrenè ki rive pran tout koup Ewòp yo, ki pran 4 tit ewopeyen ak 4 klèb diferan. San bliye pèfòmans li yo nan klèb.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

José Mourinho ap reyalize yon gwo karyè kòm antrenè malgre anpil fanatik foutbòl pa renmen filozofi jwèt li, ki se defann, bare advèsè li yo epi siprann yo. Pou dezyèm sezon li nan AS Roma, li kontinye antre pi fon nan istwa klèb sa. Aprè tit Konferans Lig la, li kalifye pou final Lig Europa, kote l pral jwe fas bèt konpetisyon an, FC seville, ki pran tit sa 6 fwa deja. Pou 5 final li jwe nan konpetisyon ewopeyen yo li pran yo, pou 6èm lan fas Seville, se tout vil Wòm lan k ap tann tit sa.

Akonplisman teknisyen an nan klèb se yon bagay ki remakab anpil: ak Chelsea li te pran Premier League la aprè 50 lane, ak Inter Milan li pran Lig dè Chanpyon an aprè 45 lane ak Real Madrid li te rive pran Copa del Rey la aprè 22 lane epi li te ede Manchester United pran yon tit ewopeyen aprè 9 lane (Lig Europa).

Pou 2 dènyè sezon sa yo, AS Roma pa t janm pran nan istwa l yon tit ewopeyen, li ede yo pran Konferans Lig la. Sezon sa yo sou wout pou yo ta pran Lig Europa a. Kritik yo kapab anpil pou kalite jwèt li nan foutbòl la, men reyalizasyon Potigè a montre l se youn nan antrenè ki make jwèt la.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: As Roma FC Séville foutbòl José Mourinho Konferans Lig Leverkusen Lig Europa Special One