Categories: AN KREYÒL DIPLOMATIE

Nan yon lane, Repiblik dominikèn distribiye 100 mil viza bay Ayisyen pou “afè”

Share

Jiskaprezan eskandal viza yo ant Repiblik dominikèn ak Ayiti poko fini. Alòske zafè pri viza dominiken yo poko sispann fè pale de yo nan Sena dominiken an swit ak ouvèti yon ankèt sou pri byen chè yo vann yo, yon rapò fè nouvo revelasyon nan dosye sila.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon lane, Repiblik dominikèn akòde, pa entèmedyè konsila li yo pa bò isit, 102 mil sèvis viza bay sitwayen ayisyen yo, ladan yo genyen 95% ki te nan kategori “afè”.

Sèvis sila yo, daprè sa jounal dominiken Listín Diario rapòte livrè nan kèk konsila tankou Pòtoprens, Juana Méndez (Wanament), Kapayisyen, Beladè ak Ansapit, daprè estatistik ministè Afè etranjè (Mirex). Li fè konnen genyen viza ki delivre pa entèmedyè anbasad dominikèn nan Pòtoprens ak nan Pòdepè.

Yo bay viza sila prensipalman nan kategori afè miltip, avèk 97 mil kòm kantite. Epi viza touris miltip yo (4 608), Touris senp (39) epi rezidans (65). Epi Anbasad dominikèn nan Pòtoprens delivre kèk viza tankou koutwazi, diplomatik ak ofisyèl.

Viza afè yo gen yon dire 60 jou pou laplipa, li kapab renouvle otomatikman depi detantè a vle. Li itilize l pou zafè komèsyal, pwofesyonèl, daprè Mirex. Yon moun paka rete an Repiblik dominikèn pandan 2 mwa konsekitif ak li. Pri a depann de tip viza, men pri inisyal la se 70 dola ameriken.

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Anbasad dominikèn ayiti Juana Méndez Listín Diario Mirex Pòtoprens Repiblik Dominikèn Viza afè Viza dominiken