Lapolis nan vil Okap, nan yon operasyon yo mennen pandan wikenn lan nan zòn Ri O-L, anonse yo etenn souf yon prezime bandi ki ta fè pati gwoup gang « G9 An Fanmi E Alye » chèf gang Jimmy Chérizier alyas « Barbecue » ap dirije a. Pandan menm operasyon sa a, 2 moun jwenn arestasyon yo, yon zam kalib 12 ak 4 katouch, yon motosiklèt konfiske.
PNH motive nan prèske tout peyi a pou trake epi dechèpiye tout move zangi k ap simen latwoublay nan tout rakwen peyi a. Pandan wikenn lan, espesyalman samdi 20 me ki sot pase a, yon manm gang Barbecue danse talapta anba bal ajan fòs lòd vil Okap la nan Ri O-L. Endividi an ki te sou pwen pou ransone yon chofè ki t ap ranje machin li, lapolis ki te deja ap siyonnen mete dòmi nan je swadizan zakè sa a nan echanj kout bal.
Daprè enfòmasyon ekip kominikasyon PNH la konfye sou paj ofisyèl li, prezime a ta yon manm gwoup gang G-9 prezime kriminèl « Barbecue » ap dirije a. Yo jwenn nan men l yon zam kalib 12 ak plizyè katouch.
Yon jounen operasyon pou lapolis
Nan menm jou a, Waldeck Orphilus ki genyen 22 lane ak Joude Désir ki te gen gwo avi rechèch dèyè l jwenn arestasyon yo nan zòn site Lesko. Ajan lapolis yo konfiske 4 telefòn nan men endividi yo.
Kanta pou Waldeck Orphilus, yo repwoche l ; « tantativ asasina, ak vyòl ».
Pou moman sa a, yo mete Waldeck Orphilus ak Joude Désir nan gad avi annatant aksyon legal ki nesesè yo.
Anmenmtan an, nan mitan lannwit 20 me a, popilasyon an te enfòme lapolis prezans plizyè nèg ak zam ki t ap fouye moun sou Wout Nasyonal #1 an, patikilyèman nan Rivyè Sale, Lapolis te entèvni rapidman. Bandi yo ki te sou men yo kouri epi chape poul yo. Toutfwa ajan yo konfiske yon motosiklèt ki te abò a.
Facebook Comments