Categories: AN KREYÒL SPORTS

Neymar kapab al jwe nan Premier League la sezon kap vini

Share

Dirijan PSG yo ki pa montre okenn enterè pou Neymar rete nan klèb la sezon k ap vini, kapab kite l ale. Lendi pase, laprès nan peyi angletè menm anonse Brezilyen an kapab vini evolye nan ekip Manchester United la, yon efòmasyon Ten Hag pa demanti. Yon lòt pwen enpòtan, chanyona anglè a parèt kòm chanpyona ki gen yon pi bon nivo ki kapab jere salè ansyen jwè Barcelone lan.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè enfòmasyon laprès nan peyi angletè ki fè konnen Neymar kapab vin jwe nan Manchester United sezon k ap vini an, kèk jounal menm fè kwè gen pale ant PSG ak Reds Devils yo. Jodi mèkredi a, nan konferans pou laprès, antrenè Olandè a pa ekate posibilite pou Neymar vini daprè jan l pale.

“Depi gen nouvèl sou dosye sa, m ap fè nou konnen”, se sa teknisyen Manchester United la fè konnen nan mikro laprès.

Yon lòt bò, PSG menm mete Neymar nan lis pou transfè sezon k ap vini paske dirijan yo pa satisfè ak pèfòmans Brezilyen an, epi konpòtman jwè a deyò teren fè anpil polemik, sa ki ta pouse klèb kapital la vle debarase ak li. Sepandan, jounalis Fabrizio Romano esplike, propriyetè klèb la, Glazzers yo, pa gen entansyon pran Neymar vre, men si klèb la chanje propriyetè, transfè a ap posib, pou n site jounalis la.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Fabrizio Romano Manchester United Neymar Premier League Premye lig psg Ten Hag