Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Apati 30 me, gen gwo chanjman ki pral fèt nan zafè viza ameriken non imigran yo

Share

Apati dat 30 me k ap vini la a, frè pou tout viza non imigran yo pral ogmante atravè tout mond lan. Daprè yon piblikasyon nou li sou paj Twitter Anbadad Etazini an Ayiti, pou viza touris ak etidyan yo, frè yo ap pase ak yon tarif 160 jiska 185 dola ameriken. Pou viza ki baze sou petisyon tankou H, L, O, P, Q, epi R pri yo ap pase ak yon tranzisyon 190 jiska 205 dola. Pou viza E yo, frè yo ap pase ak 205 jiska 315 dola vèt.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon piblikasyon yo fè sou kont ofisyèl yo, Anbasad Etazini an Ayiti fè konnen nan dat k ap 30 me 2023 a gen yon latriye chanjman k ap gen pou tanmen sou kesyon viza ameriken non imigran yo.

Yo fè konnen, pou otorizasyon viza touris ak etidyan yo, frè yo ap pase ak yon tarif 160 jiska 185 dola ameriken. Pou viza ki baze sou petisyon yo, tankou H, L, O, P, Q, epi R pri yo ap pase ak yon tranzisyon 190 jiska 205 dola. Pou viza E yo, frè yo ap pase ak 205 jiska 315 dola vèt

Pandan yo pwofite raple: «si w te deja peye pou kategori viza ou bezwen an men se aprè dat 30 me w ap jwenn yon randevou, ou pa p bezwen peye diferans lan», avan yo ajoute pou di: « si ou fè yon demann viza nan dat 30 me a oswa aprè, se nouvo frè sa yo ki mansyone anlè a k ap aplike», pou fini.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: 30 me 2023 Anbasad Etazini ayiti Non Imigran viza Viza Ameriken