Categories: AN KREYÒL SOCIÉTÉ

Etazini pwomèt 53.7 milyon dola pou konbat grangou an Ayiti

Share

Alòske peyi d Ayiti ap fè fas ak divès kriz, pami yo alimantè ak imanitè, li pa lwen resevwa yon sipò finansye bò kote Etazini. Wi, gouvènman ameriken an anonse li pral ede Ayiti batay kont kriz alimantè ki gen nan peyi a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Konsa, Tonton Sam, atravè vwa Vis prezidan Kamala Harris, anonse l ap bay gouvènman ayisyen an yon anvlòp 53.7 milyon dola vèt pou l konbat kriz alimantè a pa bò isit. Kriz sila k ap fè ravaj bò kote popilasyon an genyen kèk lane deja.

Lajan sila, daprè peyi Etazini, se Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID) k ap gen responsablite pou jere l. L ap la pou ede 4.9 milyon moun ki nan ensekirite alimantè.

N ap raple, nan mwa mas pase a gouvènman ameriken an te deja pwomèt l ap bay peyi d Ayiti yon anvlòp 21 milya goud pou Leta ayisyen te konbat, atravè Ministè afè sosyal, ensekirite alimantè a.

Alòske pi fò popilasyon an nan grangou ak lamizè, jiskaprezan pa genyen yon reyèl asistans ki sòti bò kote Leta ayisyen pou ede sila ki pi vilnerab yo. Plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, sitou sa ki defavorize yo – mete sou zòn ki nan pwovens yo – nan nesesite yon sipò alimantè ak imanitè, men malerezman, bandi bloke pi fò wout ki bay aksè ak zòn sila yo oubyen kenbe zòn sila yo an otaj. Malgre entèvansyon Lapolis, sitiyasyon an pa chanje, pèp toujou nan grangou ak lamizè.

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: ayiti ensekirite alimantè Etazini gouvènman ameriken grangou Imanitè Kamala Harris Kriz alimantè lamizè Leta ayisyen Popilasyon Pòtoprens usaid