Jean Evens Boussiquot, se idantite yon jenn gason ki jwenn lanmò li neye nan rivyè « Duverger » a, wikenn pase a, pandan l t al benyen. Viktim nan se yon bèbè, daprè sa nou aprann.
Nan 3yèm seksyon Miragwàn nan, se la ensidan trajik sila rive. Premye enfòmasyon yo fè kwè jenòm lan, ki genyen 24 lane, te [an aparans] retire rad sou li epi antre nan rivyè a pou al benyen. Malerezman li pa t konn naje, li mouri.
Yon videyo ki rive jwenn nou sou sitiyasyon sila ki dewoule samdi 10 jen pase a bò 2è30, montre 3 nonm ki desann nan rivyè « Duverger » a ak 2 kwòk nan men yo al peche kadav viktim lan nan dlo a. Yo retire kò li nan dlo a jan manman l te fè l.
Lanmò Jean Evens Boussiquot kite anpil moun nan latristès a 24 lane. Li te moun tout moun. Moun ki te sou plas, aprè yo te fin retire kadav la nan dlo a, te oblije bouche l ak fèy bwa epi ale chache chèf seksyon zòn lan pou vin fè konsta epi bay lòd pou leve li.
Facebook Comments