Categories: NETALKOLE

Legliz Afriken yo kanpe an kwa kont Vatikan sou zafè benediksyon koup Omoseksyèl yo

Share

Enfòmasyon sa ki te fè premye paj sou tout medya entènasyonal yo konsènan Vatikan ki te apwouve benediksyon pou koup iregilye yo ak koup menm sèks yo leve plim sou do legliz Afriken yo pou yon lòt fwa ankò, malgre bemòl Pap François te mete pou klarifye desizyon sila.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan fen mwa desanm lan, Vatikan te pote klarifikasyon konsènan benediksyon koup Masimadi yo. Nan sikilè a, li te ekri Evèk yo gen chwa beni koup Omoseksyèl yo selon sa kilti yo egzije. Klarifikasyon sa daprè legliz Afriken yo pa chita sou okenn baz, paske yo pa nan tete lang ak pyès fanm k ap fwote ak fanm, ni gason k ap karese ak gason.

Pi lwen, Evèk Afriken yo voye jete byen lwen nenpòt lide pou yo beni koup omoseksyèl yo. “Pa gen benediksyon pou koup omoseksyèl nan Legliz Afrik yo “, se sa yo anonse nan yon gran rankont ki te genyen ayè jedi 11 janvye 2024 la.

Se yon desizyon istorik ki sezi majorite kretyen Katolik atravè tout mond lan. Mete sou soutyen popilè Pap François. Desizyon sa tou ofanse plizyè evèk nan kontinan Afrik la ak lòt kote tankou Ayiti elatriye.

N ap raple, nan mwa jiyè 2013, menm Pap François sa te deja bay yon ton konsilyasyon anvè omoseksyèl yo lè li te deklare: “Si yon moun se masisi epi li chèche Seyè a ak bon volonte, ki moun mwen ye pou jije l ?”.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: 11 janvye 2024 Afrik Benediksyon Evèk Afriken katolik omoseksyèl Pap François Vatikan