Categories: AN KREYÒL EVENT MUSIQUE

William Osias kalifye pou demifinal La Voix Canada !

Share

William Osias kontinye pakou eksepsyonèl l ap fè nan La Voix Canada a. Pou kounye a, li kalifye pou demifinal apre yon bèl pèfòmans li fè dimanch sa.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Jèn gason sa ki gen 26 lane, ki soti Site Solèy, ap epate peyi Kanada nan moman an ak vwa l pandan l ap patisipe nan La Voix, vèsyon kanadyen gwo konkou chan sa a. Selon Mario Pelchat, se yon « performance de star » ki pèmèt li atenn demifinal konkou sa.

Ansyen patisipan Podium Quartiers a k ap viv nan vil Monreyal te patisipe nan dezyèm awonn kalifikasyon pou demifinal yo. Pou etap sila a, li te anfas Charles ak Camille, 2 bèl talan nan koze mizik. Se li menm ki ranpòte lamayòt.

Osias ki fè pati ekip Mario Pelchat a ap kontinye pakou l nan konkou a kote li pral batay pou yon plas nan final. Pwochen etap la se pou lòt dimanch a 7è30 nan aswè.

 

Source Photo: Journal de Montreal

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by
Tags: Kanada La Voix Canada Mario Pelchat Mizik Podium Quartiers Site Solèy William OSIAS