Nan yon kominike ki pibliye jodi lendi 13 me 2024 la, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ki t ap reyaji aprè atak bandi ak zam fè sou komin Gresye nan lannwit 10 pou rive 11 me an anonse fenomèn ensekirite an pral rezoud, pandan yo salye kouraj ak detèminasyon polisye k ap batay yo.
Anviwon 48è aprè atak bandi ak zam fè sou komisarya Gresye an, nouvo otorite yo nan peyi an fè konnen yo deja pase chèf lapolis la, Frantz Elbé, enstriksyon « pou pran kontwòl sitiyasyon an epi pran tout mezi prese prese pou zak sa yo pa rive pyès kote ankò nan peyi a ».
Konsèy prezidansyèl la ki apèn jwenn yon fòmil pou yo rive fonksyone aprè chire pit ki te eklate nan mitan yo depi 30 avril pase a aprè chwa Edgard Leblanc Fils kòm prezidan konsèy la, pwomèt nan yon tan ki pa long gen fren k ap mete nan vag ensekirite sa k ap taye banda nan peyi a.
« Konsèy prezidansyèl tranzisyon an bay popilasyon an garanti nan yon tan ki pa long bandi pral sispann fè lalwa sou kò yo, nan kay yo, nan katye yo, nan vil yo ak nan peyi a », pawòl nouvo otorite yo ki voye yon pinga bay bandi yo ki, daprè sa yo di nan kominike an, gen yon sèl opsyon ki se depoze zam epi rann tèt yo lajistis.
« Se responsablite pa nou nan konsèy prezidansyèl tranzisyon an pou nou garanti sekirite chak moun k ap viv anndan peyi a », ekri nan kominike sa ki gen ladan l egalman yon ti mo pou popilasyon an ki, malgre jan sa ye, kontinye ap reziste fas ak atak bandi ak zam pa sispann fè sou katye yo.
N ap note, menm jan ak gouvènman avan an, nouvo ekip sa mize gwo sou rive fòs miltinasyonal pou soutni sekirite nan peyi, k ap gen nan tèt li Kenya, pou vin batay kont gwoup gang yo ki okipe plis pase 80% teritwa rejyon metwopolitèn lan daprè Nasyonzini. Nan sans sa, gwo preparasyon deja kòmanse fèt pou akeyi premye twoup etranje yo.