NETALKOLE

Aaaah ouvè je n, « Bwa Kale » pi rèd 

Premye minis Ariel Henry pran lapawòl yon lòt fwa ankò sou sitiyasyon peyi a aprè li te jije bagay yo grav, fòk li te pale ak pèp la sou pwoblèm k ap bwase bil peyi a. 

Pandan l t ap preche dyalòg, konsètasyon ak tèt ansanm pou rezoud kriz la, Ariel Henry te mande popilasyon an pran yon ti tan pou li reflechi sou sa k ap pase nan peyi a depi 3 semèn, nan referans ak mobilizasyon « Bwa Kale » yo. 

« Ayisyèn , Ayisyen, se ak tèt nou m ap pale jounen jodi a. Mwen konnen nou tout ap travèse yon moman difisil, tout bagay monte tèt nèg e chak jou ki pase nan kondisyon sa yo bagay y ap vin pi rèd pou manman ak papa pitit », se deklarasyon lokatè Primati pandan adrès ak nasyon li a. 

Premye minis lan te pwofite mande pèp ayisyen an pèmisyon pou li poze kèk kesyon pandan l te tou fè konnen « gen moun ki genyen pwoblèm paske gouvènman di fòk gen plis kòb ki rantre nan kès leta ki pou sèvi leta, paske nou ekzije tou moun san paspouki peye tout sa yo dwe ladwann ak DGI (Direction générale des impôts) ». Daprè li menm se yon nouvo estrateji k ap pèmèt yo chanje fason yo konn jere finans leta pou yon lòt Ayiti posib. 

« Chodyè a paka toujou ap bouyi yon sèl bò. Mwen di l deja, e m ap repete l : krich pa kanari, kanari pa sous. Fòk nou itilize sa nou genyen pou nou bay pi fò pèp la sitou sa ki pi mal yo yon minimòm sèvis tou. » 

Chèf gouvènman fè konnen yo paka pran tout resèt ladwann pou sèvi yon ti gwoup moun e pou nou sibvansyone yon grenn pwodwi, ki evalye 50 pou rive 60 milya goud. Ariel deklare lè yo sibvansyone gaz la pa rete mwayen ankò pou ede manman ak papa pitit pou rantre lekòl la, pou sibvansyone pri manje pou yo bese, oubyen pou anplwaye leta yo ka jwenn yon ogmantasyon pou jere enflasyon an. 

« Ouvè je n », bandi yo asosye ak politisyen  

Dirijan tèt kale a mande pou pèp la louvri je l tèt klè pou yo ka konprann sa k ap pase nan peyi a aktyèlman epi pou pa kite pèsòn k ap defann enterè pèsonèl yo mete ekzistans ak avni pitit yo an danje. 

Ariel Henry denonse nèg ak gwo zam fann fwa k ap louvri kout zam sou lapolis ak lame pou anpeche yo ouvri wout pou gaz la ka sòti nan tèminal yo. Li mande si moun sa yo se nan enterè pèp ayisyen an ak enterè Leta y ap travay. 

« Aaah ouvè je nou. Èske se paske yo renmen nou, paske yo vle wè nou fè pwogrè, yo bloke tout wout nan peyi a, pa kite nou sikile pou n al chèche lavi pou bay pitit nou manje. » 

« Aaah ouvè je nou, èske se nan enterè nou y ap travay. Yo pran tout yon peyi an otaj epi anpeche pitit nou al lekòl, anpeche malad al pran swen lopital, anpeche moun jwenn dlo potab pou yo bwè, e menm bare wout pou manje paka sikile nan peyi a. Tout sa nan yon moman kote kolera tounen lakay nou. » 

« Aaah ouvè je nou. Konpòtman iresponsab e kriminèl moun sa yo kreye yon kriz imanitè nou pa janm wè, nou pa janm viv sou latè d Ayiti e ki menase ankò souverènte peyi papa Desalin nan. » 

Dirijan defakto a di nou paka kanpe gade grenn bandi ki asosye ak kèk move politisyen e kèk move òm dafè, plonje peyi d Ayiti nan yon katchouboumbe san parèy. 

Ariel Henry mande pou tout Ayisyen leve kanpe, mobilize pou yo kapab « bare wout ak tout move zangi » ki panse yo ka mete tout yon pèp ajenou, e panse se sèl wout pou yo rive pran pouvwa. 

N ap raple depi plizyè semèn tèminal Varreux pa aksesib ak pèsonn aprè bandi G9 an Fanmi e Alye, ki gen nan tèt yo Jimmy Cherizier alias Babekyou, te deside sant estokaj la an otaj epi louvri kout zam sou tout patwouy polisye ki eseye rantre nan Site Solèy, pou bay aksè pou gaz la ka sòti al nan ponp yo.  

Tout bagay sou kontwòl : se lè w nan malè pou w konn si w gen bon zanmi  

Toujou nan adrès ak nasyon an siksesè Jovenel Moïse la lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la, tout peyi zanmi Ayiti yo pou yo pote kole ak gouvènman nan lide pou ede yo konbat kriz imanitè aktyèl la. 

« M ap mande èd, akonpayman ak sekou. Nou bezwen yo bannou tout kalite sipò ki nesesè pou evite moun mouri pa pil e pa pakèt si nou pa fè anyen. Nou vle tout dlo potab rive jwenn moun ki malad yo nan moman kolera kòmanse tounen. Pou izin ka rekòmanse pwodwi dlo potab, yo rekòmanse fonksyone. » 

« Nou bezwen doktè ak enfimyè jwenn wout pou rive nan lopital yo, pou anbilans ka sikile, pou lopital ka rekòmanse fonksyone. Nou vle yo ede tout peyi a pou gaz la ka sòti al nan ponp yo toupatou. Pou tou timoun ka rekòmanse ale lekòl san kè sote. Pou tout moun ka “vaquer” ak okipasyon yo san pè e san krent. » 

Pou fini Ariel mande pitit tè a pou yo pran desten yo an men, pou yo fè prèv konpasyon ak imanite pou eskanp figi peyi a ka leve. Pou tout moun san okenn eksepsyon mete tèt ansanm pou chanje sa. 

« Ann nou fè sa pou Ayiti. Ayiti paka peri, Ayiti pa p peri. Ke BonDye kontinye gade e beni Ayiti », se dènye deklarasyon Premye minis Ariel Henry. 

Aprè dènye priz pawòl PM nan anpil moun deklare Ariel Henry voye lwil sou dife a, kidonk pase pwa sou « Bwa Kale » a pou rann li pi rèd. Jodia 6 Oktòb, pyès moun pako konnen kisa jounen ak rès semèn nan rezève kòm sipriz. 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 075

Laisser un commentaire